Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 4:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Menm jan Bondye rele nou pou nou gen yon menm esperans lan, li rele nou tou pou nou fè yon sèl kò epi pou nou genyen yon menm Sentespri.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Gen yon sèl kò ak yon sèl Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an;

参见章节 复制




Efezyen 4:4
28 交叉引用  

Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.


Non, nou kwè se gras Senyè Jezi fè nou ki fè nou sove. Se menm jan an tou pou moun lòt nasyon yo.”


Panse Bondye pa janm chanje konsènan pèp li te chwazi a. Li pa t janm deside retire benediksyon li te ba yo.


Gen yon sèl pen. Konsa, anpil kou nou ka anpil, nou fè yon sèl kò paske nou manje nan menm pen an.


Wi, gen anpil pati, men yo fòme yon sèl kò.


Pa egzanp mwen wè nou gen anpil pasyans ak moun ki vin anonse nou yon lòt Jezi ki pa menm ak sa nou te anonse w la. Mwen wè nou aksepte fasilman yon lòt lespri ak yon lòt mesaj pa menm ak Lespri mesaj Bòn Nouvèl mwen te anonse nou an.


M mande Bondye pou l louvri entèlijans nou, pou konprann verite a. Konsa, n ap ka wè ki kalite eritaj li kite pou nou tout, nou menm ki moun pa l yo, yon eritaj ki rich epi ki bèl.


Avèk lanmò l sou lakwa, Jezi mete bout nan rayisman ki te genyen ant Jwif yo ak moun ki pa Jwif yo. Li rekonsilye yo epi li fè yo fè yon sèl kò nan Bondye.


Wi, grenmesi Kris la, nou tout, kit nou Jwif kit nou pa Jwif, nou gen dwa pwoche bò kote Bondye Papa a nan Sentespri a sèlman.


Nan Kris, Bondye Papa a ap itilize nou ansanm ak lòt moun pa l yo pou l bati; l ap fè w tounen kay kote l ap viv pa mwayen Sentespri a.


Mwen menm ki yon prizonye paske m ap sèvi Jezikris, m ap mande nou, nou menm Bondye rele, pou nou viv yon jan ki fè lwanj pou Bondye.


paske nou se manm kò li.


Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja.


Se pou lapè ki soti nan Kris la kontwole tout panse nou. Bondye te rele nou pou nou viv nan lapè epi li mete nou ansanm nan yon sèl kò. Se pou nou toujou ap di Bondye mèsi.


Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid,


Se mwen menm Pòl, apot Jezikris la, k ap salye nou. Mwen se yon apot sou baz kòmandman Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikris, sous esperans nou an.


Lè sa a, y ap kapab espere ale viv avèk Bondye pou tout tan. Anvan mond lan te kòmanse, Bondye te pwomèt pèp li a lavi sa a. Epi Bondye pa manti.


Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt.


Nan gras li, Bondye libere nou soti anba peche epi Bondye adopte nou. Tout sa rive, pou nou kapab vin pitit Bondye, moun k ap tann lavi etènèl, dapre pwomès li fè yo.


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Epi nenpòt moun ki genyen esperans sa a nan kris la, li kenbe tèt li pwòp menm jan ak Jezikris.


跟着我们:

广告


广告