Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 4:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Kidonk, sispann bay manti. “Nou dwe toujou di youn lòt verite a,” paske nou tout se manm nan menm kò a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.

参见章节 复制




Efezyen 4:25
42 交叉引用  

Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.


se kon sa tou, nou anpil epi nou fòme yon sèl kò nan Kris, epi nou se manm youn lòt.


Gen yon sèl pen. Konsa, anpil kou nou ka anpil, nou fè yon sèl kò paske nou manje nan menm pen an.


Mwen te di Tit janm fyè de nou, epi nou pa fè anyen pou ta fè m wont. Nou toujou di w verite a, epi sa nou te di Tit de ou menm nan te pwove se te verite a.


Okontrè, nou menm n ap di verite a nan lanmou. N ap kontinye grandi pou nou ka vin gen menm karaktè ak Kris la, nan tout sans. Kris se tèt la.


Nou te aprann pou n abandone jan nou te konn viv lontan an, pou n debarase tèt nou anba ansyen lavi a ak vye dezi l yo k ap twonpe nou.


Retire tout move bagay sa yo nan lavi w: pa rete fache nan kè w ak moun ki fè w sa ki mal. Retire kòlè nan lavi w. Piga nou nan plede joure ni nan fè eskandal. Piga nou nan fè mechanste youn anvè lòt non plis.


paske nou se manm kò li.


Men kounye a, an n voye bagay sa yo jete nan lavi nou: fè kolè, viyolans, di oubyen fè bagay pou fè moun mal, di moun gwo mo pou ensilte yo.


Pa bay frè ak sè nou manti. Nou te gentan retire vye rad sa yo voye jete deja, sa vle di kalite moun nou te ye lontan an ak vye bagay nou te konn fè yo.


Lalwa fèt pou moun k ap fè peche seksyèl, pou gason k ap fè sèks ak lòt gason osinon, pou moun k ap vann moun pou fè esklav. Li fèt pou moun k ap bay manti, moun k ap fè fo sèman pou twonpe moun, ak tout lòt moun ki kont vrè ansèyman Bondye yo.


Moun k ap anseye move bagay sa yo, yo se ipokrit, yo bay manti. Konsyans yo fin seche nèt.


Gen youn nan yo menm, pwòp pwofèt yo, moun Krèt, ki di konsa: “Moun Krèt, toujou fò nan bay manti. Yo pa miyò pase bèt mawon mechan. Sèl sa yo konnen, se manje, men yo pa janm vle travay.”


Lè sa a, y ap kapab espere ale viv avèk Bondye pou tout tan. Anvan mond lan te kòmanse, Bondye te pwomèt pèp li a lavi sa a. Epi Bondye pa manti.


Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an.


Poutèt sa, voye jete tout sa ki pa bon, tout kalite move bagay w ap fè nan lavi w yo. Imilye w devan ansèyman Bondye ki te plante nan kè w la. Paske ansèyman sa a gen pouvwa pou l sove w.


Se poutèt sa, sispann fè sa k pa sa, pou w ka evite blese lòt moun. Sispann bay manti, sispann twonpe moun, sispann fè jalouzi ak fè tripotay.


Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”


Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.


跟着我们:

广告


广告