Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 4:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Nou te aprann pou n abandone jan nou te konn viv lontan an, pou n debarase tèt nou anba ansyen lavi a ak vye dezi l yo k ap twonpe nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l yo ki t'ap twonpe nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo,

参见章节 复制




Efezyen 4:22
27 交叉引用  

Nou konnen ansyen moun nan te mouri nan nou menm sou lakwa avèk Kris. Se kon sa lavi esklav nou te genyen an te detwi nèt, poutèt pou n pa esklav peche ankò.


Peche a pwofite okazyon an, li sèvi ak kòmannman an pou l twonpe m epi pou l fè m fè eksperyans lanmò.


Men menm jan Èv te tonbe anba riz sèpan an, mwen krenn pou panse nan tèt nou pa fè nou kite atachman fidèl epi san detou nou dwe genyen ak Kris la.


Se vre, nou tande kijan m te konn aji, lè m t ap viv dapre tradisyon Juif yo. Nou konnen m te konn pèsekite legliz Bondye a san gad dèyè, epi m t ap chache detwi l.


Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv kon sa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.


Se poutèt sa, nan non Senyè a, men sa m ap di nou: Fè atansyon pou nou pa kontinye viv menm jan ak moun ki pa kwè yo. Moun sa yo, panse ki nan tèt yo p ap mennen yo okenn kote.


Kidonk, sispann bay manti. “Nou dwe toujou di youn lòt verite a,” paske nou tout se manm nan menm kò a.


Retire tout move bagay sa yo nan lavi w: pa rete fache nan kè w ak moun ki fè w sa ki mal. Retire kòlè nan lavi w. Piga nou nan plede joure ni nan fè eskandal. Piga nou nan fè mechanste youn anvè lòt non plis.


Lè nou te vin jwenn Kris, nou te sikonsi yon fason ki pa menm ak fason yo sikonsi moun ak men. Sa vle di, nou te pran pa nan lanmò Kris la. Yo te maltrete kò li epi nou te vin menm jan avè l, nou te sikonsi menm jan li te sikonsi a.


Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.


Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an.


Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”, se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje.


Poutèt sa, voye jete tout sa ki pa bon, tout kalite move bagay w ap fè nan lavi w yo. Imilye w devan ansèyman Bondye ki te plante nan kè w la. Paske ansèyman sa a gen pouvwa pou l sove w.


Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè.


Paske nou konnen byen pwòp se pa avèk bagay k ap pase, tankou lajan ak lò Bondye te rachte nou nan vye lavi nou te eritye nan gran paran nou yo.


Nan tan lontan, nou te gaspiye twòp tan nan mennen yon kalite lavi ki sanble ak sa moun ki pa konnen Bondye yo ap viv. Nou te konn viv nan libètinay, nan pote lanvi sou sa lòt moun genyen, nan bwè tafya, nan banbòch ak nan sèvi zidòl.


Konsa yo va soufri. Se kon sa y ap jwenn sa yo merite pou sa yo te fè. Se yon plezi pou yo, lè yo komèt move zak deprave gwo lajounen. Lè y ap manje ansanm avè nou, yo pran plezi yo nan bay manti. Prezans yo bay moun kè plen, prezans yo fè moun wont.


Poutan Bondye sove Lo, nonm jis la, ki t ap gade ak tristès jan pèp yo t ap viv nan imoralite.


跟着我们:

广告


广告