Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 4:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Tout kò a depann de tèt la. Tout manm kò a ini, yo kole ansanm. Konsa, lè chak pati nan kò a fè travay li, jan pou l fè l la, sa fè tout kò a grandi, l ap devlope nan lanmou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.

参见章节 复制




Efezyen 4:16
28 交叉引用  

Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen.


Paske, menm jan nou chak gen yon sèl kò ak anpil manm, epi tout manm yo pa gen menm wòl pou yo jwe,


Gen yon sèl pen. Konsa, anpil kou nou ka anpil, nou fè yon sèl kò paske nou manje nan menm pen an.


Konsa, gen twa bagay ki pèmanan: lafwa, lesperans ak lanmou. Men menm pami twa a se lanmou ki pi gran.


Kounye a n ap abòde kesyon vyann yo sakrifye bay zidòl. Se vre, jan nou di a, nou se moun ki gen konesans. Men konesans sa a fè ògèy anvayi nou. Alòske, lanmou ede legliz la vin pi djanm.


Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa,


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Nan Jezikris, Bondye chwazi nou anvan menm li te kreye lemonn. Li chwazi nou nan amou li, pou n vin yon pèp sen pou li, san fot devan je l.


Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen.


Nan gras Bondye, li ban m opòtinite sa a. Li fè m vin yon sèvitè pou m pwoklame Bòn Nouvèl la. Se pouvwa Bondye menm ki ban m gras sa a.


Kris bay don sa yo pou prepare pèp Bondye a pou yo ka sèvi nan ministè a, pou kò Kris la ka pi solid.


Okontrè, nou menm n ap di verite a nan lanmou. N ap kontinye grandi pou nou ka vin gen menm karaktè ak Kris la, nan tout sans. Kris se tèt la.


Men ki priyè mwen fè pou nou: Se pou lanmou ki nan kè nou an kontinye grandi plis toujou. Se pou nou gen tout kalite konesans ak bon konprann,


Kris se tèt la, men yo pa konekte nan li. Poutan se tèt la ki bay kò a sa l bezwen. Grenmesi tèt la, tout jwenti yo ak tout venn yo travay pou kenbe kò a byen anfòm. Epi se Bondye ki fè yo fè kò a grandi.


M ap fè sa pou m ankouraje yo, pou yo ka fè yon sèl nan lanmou epi pou yo gen anpil bon konprann tou. Lè sa a, y ap konnen pwojè sekrè Bondye a. Sekrè sa a, se Kris menm.


Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.


Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li.


Se pou Senyè pèmèt lanmou nou youn pou lòt grandi pi plis toujou. Se pou l vin menm jan ak lanmou nou gen pou ou ak pou tout moun nèt.


Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou.


Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


Nou menm, nou konnen lanmou Bondye gen pou nou, epi nou kwè nan lanmou sa a. Bondye se lanmou. Si yon moun ap viv nan lanmou, l ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan li.


跟着我们:

广告


广告