Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 3:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Epi si nou li sa m te ekri tou brèf anvan yo, n ap wè mwen konprann verite sekrè ki konsènen Kris la vre.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Lè n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan mistè a Kris la,

参见章节 复制




Efezyen 3:4
19 交叉引用  

Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a.


Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm Bondye a. Men lòt yo menm, yo pale ak yo an parabòl poutèt Menm lè yo wè, yo pa vrèman wè. Menm lè yo tande, yo pa vrèman ni tande ni konprann.


Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye.


An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikris, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan.


Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen.


Konsidere nou menm lidè yo tankou moun ki la pou sèvi Kris la, moun ki responsab pou fè konnen verite Bondye a bay moun ki pa ko konnen.


Petèt, mwen ka limite pa rapò ak moun ki fò nan fè bèl diskou. Men, kanta pou konesans, se yon lòt bagay! Nou gentan montre sa aklè nan tout bagay epi nan tout okazyon.


Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa.


Bondye te montre m plan sekrè li pou m ka konnen l. Mwen gentan ekri kèk bagay deja sou sa.


Bondye mete m responsab pou m fè li klè pou tout moun, kijan l ap reyalize plan li te kenbe sekrè a. Nan tout tan pase yo, Bondye ki te kreye tout mond lan, li pa t kite pèsonn konnen sa l t apral fè.


Gen yon gwo mistè nan pawòl sa a. M ap pale de Kris la ansanm ak legliz la.


Kontinye priye pou mwen tou, konsa, lè m ap pale, pou Bondye ban m pawòl pou m anonse verite sekrè Levanjil la san m pa pè anyen.


Mesaj sa a, se plan sekrè Bondye ki te kache depi okòmansman, pou pèsonn pa t konnen l, men kounye a, li deside devwale l bay pèp li a.


M ap fè sa pou m ankouraje yo, pou yo ka fè yon sèl nan lanmou epi pou yo gen anpil bon konprann tou. Lè sa a, y ap konnen pwojè sekrè Bondye a. Sekrè sa a, se Kris menm.


Priye pou mwen tou, pou Bondye louvri pòt pou Pawòl li, pou m ka rive preche mesaj Kris la. Nou konnen se rezon sa a menm ki fè m nan prizon.


Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte: Nou te konnen Kris, lè l te vin pran fòm yon moun; Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye, se verite a; zanj yo te wè l. Mesaj konsènan Jezi a te preche pami tout nasyon yo; Moun toupatou sou latè kwè nan li; Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.


Yo dwe moun k ap swiv la verite ki te kache, verite Bondye vin revele nou kounye a ak konsyans yo pwòp.


跟着我们:

广告


广告