Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 3:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Nan Kris la, nou kapab pwoche devan Bondye ak tout libète, san nou pa pè angnen. Nou ka fè sa poutèt lafwa nou nan Kris la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Nan Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans.

参见章节 复制




Efezyen 3:12
12 交叉引用  

Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen.


Fidelite Jezikris fè nou konnen kijan Bondye bon epi fidèl. Sa a se pou tout moun ki mete konfyans yo nan li. M di tout moun, paske pou Bondye, tout moun se menm, li pa fè okenn diferans.


Se li menm ki louvri pòt lagras Bondye n ap jwi kounye a, poutèt konfyans nou mete nan li. Se sa k fè nou kontan anpil, paske n ap tann, yon jou, pou n patisipe nan laglwa Bondye.


Nou pale konsa, devan Bondye, poutèt konfyans nou genyen, pa mwayen Kris la.


Wi, grenmesi Kris la, nou tout, kit nou Jwif kit nou pa Jwif, nou gen dwa pwoche bò kote Bondye Papa a nan Sentespri a sèlman.


Konsa, kenbe menm kouray nou te genyen nan tan pase yo. Nou p ap pèdi sa, Bondye ap rekonpanse nou san mezire.


Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.


Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo. Li menm ki te inosan, li mouri pou koupab yo, pou l mennen yo bay Bondye. Moun yo te touye l, men Sentespri Bondye a te resisite l.


Wi, pitit byeneme mwen yo, kontinye viv nan li. Si nou fè sa, nou p ap gen okenn perèz pou jou Pitit la va retounen. Nou p ap gen bezwen pou al kache, epi tou nou p ap wont lè l va vini.


Byeneme m yo, si kè nou pa kondane nou, nou kapab gen asirans devan Bondye.


跟着我们:

广告


广告