Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 2:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Se vre wi, se paske nou fè youn ak Kris la ki fè Bondye Papa a resisite nou epi li fè nou chita ansanm ak li nan syèl la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve sòti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus,

参见章节 复制




Efezyen 2:6
16 交叉引用  

M ap di nou sa: Mwen p ap bwè diven sa a ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè l ankò ak nou nouvo diven an nan wayòm Papa m nan.”


Ala benediksyon pou sèvitè sa yo Mèt la jwenn ap veye vini li! Sa m ap di nou la a se pawòl sèten, mèt la ap mete tabliye l sou li, l ap fè sèvitè yo chita bò tab epi l ap sèvi yo manje.


Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li.


Lè m va ale, epi m va fin prepare yon plas pou nou, m ap tounen epi m ap pran nou avèk mwen. Konsa, kote m ye a se la nou va ye tou.


Se mwen menm Pòl, K ap salye nou. Mwen se yon apot Jezikris, paske se sa Bondye te vle. M ap ekri nou, pèp Bondye a, nan Efèz, ki fidèl nan yon relasyon sere sere ak Jezikris.


Louwanj pou Bondye ansanm ak Papa Jezikris, Senyè nou an. Nan Jezikris, Bondye ban nou tout kalite benediksyon espirityèl anwo nan syèl la.


Se Bondye ki fè nou sa nou ye a. Li fè nou vin moun nouvo nan Jezikris. Konsa, nou ka pase lavi nou ap fè bon bagay li te planifye davans pou nou fè.


Wi, te gen yon lè, nou te lwen Bondye, men kounye a, nan Jezikris, Bondye rale nou vini pre li. Bondye fè sa, grenmesi san Jezikris ki te koule a, lè l te mouri pou nou sou kwa a.


Li se tèt legliz la ki se kò a. Li se kòmansman tout bagay. Li se premye pami moun ki gen pou leve soti vivan nan lanmò. Sa fè se li ki gen premye plas epi se li ki pi enpòtan nan tout bagay.


跟着我们:

广告


广告