Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 2:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv kon sa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n te tonbe anba kòlè Bondye tankou lòt yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.

参见章节 复制




Efezyen 2:3
54 交叉引用  

men lavi yo vin plen ak lòt bagay: sousi lavi a, lanmou lajan, epi ak tout lòt kalite bagay yo ta renmen genyen. Bagay sa yo pa kite pawòl la grandi, epi li pa bay bon rezilta nan lavi yo.


Yo vin pitit Bondye, men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit. Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa, men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.


Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.


Nan tan lontan, Bondye te kite tout nasyon yo viv jan lide yo te di yo.


Poutèt sa, Bondye livre yo pou yo fè sa lide yo di yo. Sa lakòz yo dezonore pwòp tèt yo nan komèt move zak.


Nan tan pase yo, ou te refize obeyi Bondye. Men kounye a, Bondye fè w gras, paske Jwif yo pa t obeyi Bondye.


Men, se pou n abiye nou ak Jezikris, Senyè nou an. Epi, pa chache reflechi sou kijan pou n satisfè dezi feblès lachè nou.


Lè moun ki pa Jwif yo, moun ki pa grandi ak Lalwa Moyiz la, fè sa Lalwa mande, yo se egzanp Lalwa, menm si yo pa genyen yon lwa ki ekri.


Men sa m vle di, poutèt lè nou te lènmi Bondye, li menm li te rekonsilye nou avè l pa mwayen lanmò Pitit li a, se yon rezon anplis pou nou gen garanti l ap sove nou pa mwayen lavi Pitit li a tou.


Kounye a, sakrifis Kris la fè nou tounen moun ki jis. Konsa, nou sèten n ap sove anba kolè Bondye pa mwayen Kris la.


Kò sa a, kote n ap viv la, se yon kò ki pral mouri. Pa kite peche kontwole l pou fè n fè sa peche vle.


Wi, m konnen pa gen anyen ki bon nan mwen, m vle di nan feblès lachè mwen. Pou mwen menm, m vle fè sa ki byen, men m pa rive fè l.


Se menm jan an pou Bondye tou. Li te vle montre kòlè li epi li fè moun wè puisans li. Men l sipòte moun li te fache kont yo ak anpil pasyans, moun ki tou pare pou yo peri.


Ki sa k fè w panse w siperyè a lòt moun? Ki sa w genyen se pa ba ou yo te ba ou l? Nan ka sa a, poukisa w ap frape lestomak kòmsi se pa t ba ou yo te ba ou l?


Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye.


Okontrè, Bib la mete tout sa ki egziste nan lemonn nan yon prizon anba kontwòl peche. Konsa, sèl fason pou moun resevwa pwomès la, se nan mete konfyans yo nan Jezikris, li menm ki fidèl.


Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.


Nou te aprann pou n abandone jan nou te konn viv lontan an, pou n debarase tèt nou anba ansyen lavi a ak vye dezi l yo k ap twonpe nou.


Lontan, nou te lwen Bondye, nou te lènmi Bondye poutèt sa nou te konn panse ak sa nou fè ki mal yo.


Nou pa ta vle pou n nan lapenn konsènan moun sa yo ki mouri deja, pou ou pa aflije menm jan ak sila yo ki pa gen okenn espwa.


Konsa, nou pa dwe dòmi menm jan ak lòt yo. Okontrè se pou nou rete vijilan, ak je nou byen klè epi tèt nou byen frèt.


Men moun ki vle vin rich, yo foure tèt yo nan tantasyon. Yo vin esklav yon bann lanvi ensanse k ap fè yo fè betiz kont pwòp tèt yo. Bagay sa yo detwi moun epi mennen yo nan lanmò.


Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.


Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan.


Je yo ap gade toupatou kote yon fi ap soti. Yo toujou anvi komèt peche konsa. Yo atire moun ki fèb pou fè yo tonbe nan peche. Se yon bann moun ki gen lanbisyon pou lajan. Yo anba malediksyon.


Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se kon sa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont.


Paske tout sa ki nan mond lan: dezi lachè, lanvi pou nou genyen sa je nou wè, lògèy ki ranpli nou poutèt byen nou genyen, tout sa pa soti nan Papa a, men yo soti nan mond lan.


Poutan se yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a. Se yon vrè kòmandman; ou ka wè li manifeste nan Jezi epi nan nou menm tou. Fènwa a ap pase epi vrè limyè a ap briye deja.


跟着我们:

广告


广告