Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 2:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay kounyeya nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo.

参见章节 复制




Efezyen 2:2
64 交叉引用  

Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move renome. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan aksyon l yo.”


Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo.


Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo.


men lavi yo vin plen ak lòt bagay: sousi lavi a, lanmou lajan, epi ak tout lòt kalite bagay yo ta renmen genyen. Bagay sa yo pa kite pawòl la grandi, epi li pa bay bon rezilta nan lavi yo.


Patwon an fè move administratè a konpliman dèske li te aji ak tout ladrès sa a. Jounen jodi a, moun k ap viv nan fènwa yo parèt entèlijan nan jan y ap mennen biznis yo youn ak lòt plis pase moun k ap viv nan limyè Bondye a.”


Jezi di ankò: “Mesye, Satan mande pèmisyon pou l teste nou tout tankou yon kiltivatè k ap vannen grenn nan laye li. O Simon, Simon.


Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe.


Pandan yo t ap manje nan aswè, lè sa a, Satan te gentan mete nan kè Jida, pitit Simon Iskaryòt la, pou l trayi Jezi.


Apre moso pen sa a, satan antre nan Jida. Lè sa a, Jezi di l: “Sa ou ap fè a fè l vit.”


Mwen pa gen anpil bagay m ap di nou ankò, paske chèf k ap domine nan lemonn lan ap vini, men li pa gen okenn pouvwa sou mwen.


Si nou te moun lemonn, lemonn t ap renmen nou. Men paske nou pa moun lemonn epi se nan lemonn mwen te pran nou mete apa, se pou sa lemonn rayi nou.


L ap montre kilès ki pral tonbe anba jijman Bondye, paske sila a k ap dirije lemonn nan deja kondane.


Lemonn pa kapab rayi nou. Men lemonn rayi mwen, paske m ap di moun nan lemonn zèv yo pa bon.


Jezi di yo tou: “Nou menm, nou se moun isiba, mwen menm, mwen se moun anwo nan syèl la; nou menm, nou se moun mond sa a, mwen menm mwen pa moun mond sa a.


Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.


Men, fin alman, sekretè lakomin nan te rive konvenk foul la pou yo fè silans. Li di yo: “Nou menm moun Efèz, ki moun ki pa konnen se lavil Efèz k ap veye sou tanp Atemis lan, gran nègès nou an, ansanm ak estati l la, yon wòch ki sot tonbe nan syèl la?


Pyè di li: “Ananyas, poukisa ou kite Satan ranpli kè w konsa? Ou sere nan kòb jaden an epi ou vin bay Sentespri a manti?


Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.


Mwen pa t vle di nou dwe genyen relasyon ak moun nan lemonn lan. Si se ta konsa, nou pa ta dwe rete nan mond lan ankò, kote moun ap viv nan imoralite, ki gen lanvi sou afè moun, moun ki gen dwèt long oubyen k ap adore zidòl.


Mwen konnen sa yo se te metye kèk nan nou nan tan pase. Men Bondye lave nou. Li mete nou apa pou li. Li deklare nou jis nan non Senyè Jezikris pa mwayen Sentespri.


Chèf mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.


Jezi te bay lavi li pou peye dèt peche nou yo, pou l delivre nou anba move bagay ki nan mond sa a. Se sa menm Bondye Papa nou te vle.


Bondye mete Jezikris sou tèt tout chèf, tout otorite, tout moun ki gen pouvwa, tout wa yo ansanm ak tout gwo non yo site, ni nan mond sa, ni nan sa k gen pou vini an.


Konprann byen, nou pa t fèt Jwif. Nou se yon ekip moun Jwif yo te rele “moun ki pa sikonsi” epi yo rele tèt yo “moun ki sikonsi”. Sikonsizyon sa a, se yon bagay yo te fè nan kò yo ak pwòp men yo.


Wi, te gen yon lè, nou te lwen Bondye, men kounye a, nan Jezikris, Bondye rale nou vini pre li. Bondye fè sa, grenmesi san Jezikris ki te koule a, lè l te mouri pou nou sou kwa a.


Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv kon sa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.


Se poutèt sa, nan non Senyè a, men sa m ap di nou: Fè atansyon pou nou pa kontinye viv menm jan ak moun ki pa kwè yo. Moun sa yo, panse ki nan tèt yo p ap mennen yo okenn kote.


Nou te aprann pou n abandone jan nou te konn viv lontan an, pou n debarase tèt nou anba ansyen lavi a ak vye dezi l yo k ap twonpe nou.


Pa kite okenn moun twonpe nou ak yon kantite manti. Se poutèt peche sa yo menm Bondye fache epi li pini moun ki pa vle obeyi l yo.


Anvan nou te kwè nan Kris la, nou te nan fènwa. Men kounye a, nou se yon sous limyè nan Senyè a. Konsa, nou fèt pou n mennen bak nou tankou moun ki nan limyè a vre.


Paske nou nan yon batay, epi se pa avèk moun parèy nou n ap goumen. Men, n ap goumen kont yon kolonn chèf, pouvwa, ak otorite k ap gouvène lemonn ki limenm nan fènwa. N ap goumen kont yon bann move lespri envizib ki nan syèl yo.


Lontan, nou te lwen Bondye, nou te lènmi Bondye poutèt sa nou te konn panse ak sa nou fè ki mal yo.


Paske Demas renmen lemonn twòp, se pou sa li pati kite m. Li pati ale Tesalonik. Kresens li menm, li ale nan Galasi, epi Tit ale nan Dalmasi.


Adorasyon Bondye vle a, men li: Pran swen òfelen yo ak vèv yo ki nan bezwen epi kenbe tèt ou pou w pa tonbe anba enfliyans mond lan. Se bon jan adorasyon kon sa Bondye aksepte.


Yon moun kon sa pa bezwen kwè l ap jwenn kèk bagay nan men Senyè a, se yon moun ki pa konnen sa l vle, k ap woule de bò.


Nou pa fidèl ak Bondye! Nou ta dwe konnen sa, lè nou renmen bagay ki nan mond lan, otomatikman nou rayi Bondye. Konsa, tout moun ki vle zanmi ak mond sa a, li vin lènmi ak Bondye.


Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan.


Nan tan lontan, nou te gaspiye twòp tan nan mennen yon kalite lavi ki sanble ak sa moun ki pa konnen Bondye yo ap viv. Nou te konn viv nan libètinay, nan pote lanvi sou sa lòt moun genyen, nan bwè tafya, nan banbòch ak nan sèvi zidòl.


Je yo ap gade toupatou kote yon fi ap soti. Yo toujou anvi komèt peche konsa. Yo atire moun ki fèb pou fè yo tonbe nan peche. Se yon bann moun ki gen lanbisyon pou lajan. Yo anba malediksyon.


Men sa ki distenge pitit Bondye yo ak pitit satan yo: Nenpòt moun ki pa pratike sa ki dwat epi ki pa renmen frè l ak sè l, li pa soti nan Bondye.


Sila a k ap fè peche soti nan Satan, paske depi soti nan kòmansman, Satan ap fè peche. Men rezon ki fè Pitit Bondye a te vini: Pou detwi zèv Satan yo.


Pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou gen tan ranpòte laviktwa sou fo pwofèt yo. Paske moun nan ki nan nou an, li pi puisan pase sa ki nan mond lan.


Nou konnen nou se pitit Bondye epi tou mond lan rete anba pouvwa Satan.


Nou konnen tout moun ki pitit Bondye genyen laviktwa sou mond lan, epi sa ki bay laviktwa sou mond lan se lafwa nou.


Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.


Se kon sa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a.


Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.


Epi setyèm anj lan vide koup pa l la nan lè a. Lè sa a, yon gwo vwa te soti nan tanp lan, se te sou twòn nan l te soti. Li di: “Se fin i!”


Li kenbe dragon an. Dragon sa, se li menm ki sèpan ki te la depi nan kòmansman an, sa vle di move lespri a, oubyen Satan. Zanj lan anchene l byen anchene pou yon dire mil (1,000) an.


跟着我们:

广告


广告