Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 1:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Se gras sa a li ban nou an kantite a ki ban nou sajès ak bon konprann.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Li ban nou favè l an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans,

参见章节 复制




Efezyen 1:8
17 交叉引用  

Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move renome. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan aksyon l yo.”


Wi, ala gran richès Bondye yo gran! Sajès li ak konesans li san limit! Pèsòn pa ka eksplike desizyon Bondye yo. Pèsòn pa ka konprann sa l ap fè.


Men, kado Bondye bay la pa menm jan ak peche Adan an. Anpil moun mouri poutèt peche yon sèl moun, ki se Adan. Men gras Bondye bay la, li pi enpòtan anpil. Gras sa a, Bondye bay li pa mwayen yon sèl moun, Jezikris. Li bay anpil moun li san mezire.


Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l kon sa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li.


Nan Kris, Bondye chwazi nou pou nou vin pèp li. Li te deja planifye pou nou vin pèp li, paske se sa menm li vle. Bondye deside kijan tout bagay ap pase epi li fè tout bagay pase nan jan pou l reyalize plan l.


Nan Kris, nou jwenn libète poutèt san li ki te koule. Nou jwenn padon peche nou yo, poutèt richès gras Bondye.


Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa.


Plan Bondye nan tout bagay sa yo, se pou tout anj ki nan syèl yo rive konnen kijan li montre sajès li nan yon bann fason ki varye. Y ap konnen sa pa mwayen Legliz la.


Se nan Kris ki genyen tout richès lasajès ak konesans.


Pou Bondye sèl Sovè nou an, pa mwayen Jezikris, se pou tout glwa, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite rasanble nan men li menm sèl, depi kounye a epi pou tout tan! Amèn!


Zanj yo t ap di byen fò: “Tout pouvwa, tout richès, tout sajès, ak tout puisans se pou Ti Mouton an ki te mouri an sakrifis la. Li diy pou l resevwa onè, glwa, ak louwanj!”


跟着我们:

广告


广告