Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 1:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.

参见章节 复制




Efezyen 1:6
41 交叉引用  

Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!”


Lè travayè ki te vin a senkè a vin touche, yo chak resevwa kòb yon jounen travay.


Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”


“Lwanj pou Bondye nan syèl la, epi kè poze sou latè pou tout moun ki fè Bondye plezi.”


Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò.


Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.


Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikris yo.


Se nan pwòp enterè w tout bagay rive. Se sa ki fè benediksyon Bondye ap kontinye vide sou plis moun toujou. Konsa, remèsiman yo ap miltipliye epi Bondye ap jwenn plis glwa.


Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.


Se poutèt sa, nou menm ki te gentan mete konfyans nou nan Kris la, an n fè louwanj pou glwa Bondye.


Sentespri a se avalwa ki garanti n ap jwenn tout sa Bondye gen pou nou kòm eritaj. Apre sa, Bondye gen pou ban nou libète nèt, nou menm ki pou li. Konsa, tout moun va fè louwanj pou glwa Bondye.


M mande Bondye pou l louvri entèlijans nou, pou konprann verite a. Konsa, n ap ka wè ki kalite eritaj li kite pou nou tout, nou menm ki moun pa l yo, yon eritaj ki rich epi ki bèl.


Kalite bonte sa a, Bondye manifeste l anvè nou menm ki pou Kris, se pou l ka montre aklè kantite richès gras li genyen pou tout tan gen tan.


M ap priye pou lavi nou ranpli ak bon zèv tou pou sa ka sèvi yon sous glwa ak lwanj pou Bondye gras a Jezikris.


Mwen vle pou Kris nèt. Se Kris ki fè mwen dwat devan Bondye, men sa pa soti nan obeyisans ak sa lalwa mande, men nan fidelite Kris. Mwen vin yon moun ki dwat devan Bondye pa mwayen lafwa mwen nan Kris la.


Se pou Bondye m nan ban nou tou sa nou gen bezwen ki soti nan richès laglwa li nan Jezikris.


Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la.


Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris.


Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.


Moun ki gen don pou l pale se pou l pale pawòl Bondye yo. Si nou gen don pou n sèvi, nou ta dwe sèvi ak fòs Bondye bay la. Konsa se Bondye k ap resevwa lwanj nan tout bagay grenmesi Jezikris. Tout pouvwa ak tout glwa se pou li pou tout tan gen tan.


跟着我们:

广告


广告