Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 1:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 N ap ka wè tou ki kalite pouvwa Bondye dispoze pou nou menm ki kwè. Se menm pouvwa sa a Bondye te manifeste avèk anpil fòs,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Mwen mande l pou nou ka konnen tou ki jan pouvwa li k'ap travay nan nou menm ki kwè nan li a, se yon gwo pouvwa ki san limit. Se menm gwo pouvwa sa a Bondye te fè moun wè,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a.

参见章节 复制




Efezyen 1:19
19 交叉引用  

Sèl lavi paran yon moun kapab ba li se lavi fizik. Men, lavi Sentespri bay la se nan Lespri li soti.


Ou pral ede yo konprann verite a. Yo va vire do bay fènwa pou vin nan limyè. Yo va vire do bay pouvwa satan pou yo vin jwenn Bondye. Lè sa a peche yo ap padone. Epi yo va jwenn yon plas nan mitan moun Bondye yo, sa yo ki te sanktifye pa mwayen lafwa nan mwen yo.”


Pou mwen, pa gen wont nan prezante Bòn Nouvèl la. Paske se puisans Bondye li ye, pou sove nenpòt moun ki kwè: pou sove Jwif yo an premye, epi kounye a pou sove sa yo ki pa Jwif tou.


Bondye konfye nou trezò sa a, men nou se sèlman po ki fèt an ajil ki kenbe trezò sa a. Konsa, li klè, puisans nou genyen pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.


Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo!


Se Bondye ki fè nou sa nou ye a. Li fè nou vin moun nouvo nan Jezikris. Konsa, nou ka pase lavi nou ap fè bon bagay li te planifye davans pou nou fè.


Bondye aji nan nou ak puisans. Lè nou mande Bondye yon bagay, li ka fè pi plis pase tout sa nou mande oubyen imajine.


Nan gras Bondye, li ban m opòtinite sa a. Li fè m vin yon sèvitè pou m pwoklame Bòn Nouvèl la. Se pouvwa Bondye menm ki ban m gras sa a.


Pou fin i, chache fòs nou nan Senyè a ak nan gwo pouvwa li.


Paske se Bondye ki travay nan nou pou fè nou gen volonte epi se li menm ki fè sa li vle nou fè nan nou.


Li gen pou li chanje vye kò feblès nou yo, pou li fè yo vin menm jan ak kò glorifye li genyen an. Kris va fè sa ak pouvwa li genyen pou l gouvène tout bagay.


Pou m ka rive fè sa, m travay di, epi m sèvi ak fòs Jezikris ban mwen an. E se fòs sa a k ap travay nan mwen.


Lè n te batize, nou te mouri epi antere ansanm avè l, nou te resisite ansanm avè l tou poutèt lafwa nou nan puisans Bondye.


Lè n te pote Bòn Nouvèl Jezikris a, nou pa t fè sa nan pale sèlman. Men Bondye te montre puisans li, prezans Sentespri a te vrèman reyèl, epi ou menm, ou te kapab wè kijan nou te kwè totalman nan sa nou t ap di w. Epitou, jan nou menm nou te kondui tèt nou, sa te montre aklè kijan nou se moun Kris nou ye. Nou te fè sa kon sa pou byen ou menm.


Se pou rezon sa a menm nou toujou priye pou ou, pou Bondye nou an fè lavi w vin yon egzanp chak jou pi plis nan jan li vle w viv. Nou priye, nan puisans li, pou li ede w fè tout sa ou ta renmen fè ki byen dapre lafwa ou genyen.


Bondye te deside ban nou lavi pa mwayen mesaj verite a. Li te vle pou nou pi enpòtan pou li pase tout sa li te kreye yo.


Moun ki gen don pou l pale se pou l pale pawòl Bondye yo. Si nou gen don pou n sèvi, nou ta dwe sèvi ak fòs Bondye bay la. Konsa se Bondye k ap resevwa lwanj nan tout bagay grenmesi Jezikris. Tout pouvwa ak tout glwa se pou li pou tout tan gen tan.


跟着我们:

广告


广告