Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 1:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Nan Kris, Bondye chwazi nou pou nou vin pèp li. Li te deja planifye pou nou vin pèp li, paske se sa menm li vle. Bondye deside kijan tout bagay ap pase epi li fè tout bagay pase nan jan pou l reyalize plan l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Bondye ap fè tout bagay rive jan l te deside l la ak jan l te vle l la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li,

参见章节 复制




Efezyen 1:11
40 交叉引用  

Lè moun lòt nasyon yo tande Pòl di pawòl sa yo, sa te fè yo kontan anpil. Yo te tonbe fè lwanj pou Bòn Nouvèl Bondye a. Anpil nan yo te kwè, paske Bondye te gentan chwazi yo pou yo gen lavi etènèl la.


Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan.


M kapab di sa, paske mwen te anonse nou tout verite Bondye te vle m fè nou konnen, san m pa kache nou anyen.


Kounye a, m ap remèt nou nan men Bondye epi m ap konfye nou mesaj konsènan gras Bondye a ki gen puisans pou fòtifye nou. Mesaj sa a kapab fè nou jwenn tout benediksyon Bondye bay tout moun ki apa pou li yo.


Ou pral ede yo konprann verite a. Yo va vire do bay fènwa pou vin nan limyè. Yo va vire do bay pouvwa satan pou yo vin jwenn Bondye. Lè sa a peche yo ap padone. Epi yo va jwenn yon plas nan mitan moun Bondye yo, sa yo ki te sanktifye pa mwayen lafwa nan mwen yo.”


Yo te fè sa pou yo te ka akonpli sa ou menm, nan pouvwa w ak volonte w te gen tan planifye davans pou rive.


Jan Bib la di sa: “Ki moun ki ka konnen sa k nan panse Senyè a? Ki moun ki ka ba l konsèy?”


Poutèt nou se pitit Bondye, n ap resevwa pòsyon pa nou nan byen Bondye pwomèt moun pa l yo. L ap ban nou tout sa li gentan bay Jezikris. Si jodi a nou gen pòsyon soufrans pa nou menm jan ak li, n ap gen pòsyon laglwa pa nou avèk li tou.


Nou konnen Bondye ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa.


Bondye te deja konnen yo anvan l te kreye lemonn. Epi li te deside pou yo tounen menm jan ak Jezikris, pitit li a pou li ka premye pitit pami anpil frè ak sè.


Bondye planifye pou yo vin menm jan ak pitit li a. Li chwazi deklare yo jis devan l. Epi lè l fin deklare yo jis devan li, li ba yo laglwa li.


Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.” Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm.


Vrèman, si eritaj Bondye di l ap ban nou an se nan obsève lalwa n ap jwenn li, li pa yon pwomès ankò. Okontrè, Bondye te fè Abraram favè l dapre yon pwomès.


Sentespri a se avalwa ki garanti n ap jwenn tout sa Bondye gen pou nou kòm eritaj. Apre sa, Bondye gen pou ban nou libète nèt, nou menm ki pou li. Konsa, tout moun va fè louwanj pou glwa Bondye.


M mande Bondye pou l louvri entèlijans nou, pou konprann verite a. Konsa, n ap ka wè ki kalite eritaj li kite pou nou tout, nou menm ki moun pa l yo, yon eritaj ki rich epi ki bèl.


Se sa k fè, depi byen lontan, li deside l ap adopte nou kòm pitit li pa mwayen Jezikris. Li fè sa pou bon plezi pa l.


Se gras sa a li ban nou an kantite a ki ban nou sajès ak bon konprann.


Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa.


Sa fèt konsa, dapre plan Bondye te genyen depi okòmansman an. Li fè plan sa a reyalize nan Jezikris Senyè nou an.


Epi di Bondye Papa a mèsi ak anpil jwa nan kè nou, paske li fè nou kalifye pou nou ka jwenn nan eritaj li rezève nan wayòm limyè a pou moun pa l yo.


Mete nan tèt nou Senyè a ap rekonpanse nou epi l ap fè nou jwenn sa li pwomèt moun pa l yo. Se Jezikris Senyè nou an n ap sèvi.


Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.


Nan gras li, Bondye libere nou soti anba peche epi Bondye adopte nou. Tout sa rive, pou nou kapab vin pitit Bondye, moun k ap tann lavi etènèl, dapre pwomès li fè yo.


Paske Bondye te vle montre yon fason klè pa gen mank nan pwomès li te fè a, kon sa li te fè yon pwomès ak sèman.


Koute m, frè m ak sè byenneme m yo! Èske Bondye pa chwazi moun pòv yo nan mond lan pou l fè yo rich nan lafwa epi pou yo resevwa wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo?


N ap tann pandan tan sa a, pou n resevwa benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo. Se nan syèl la Bondye sere benediksyon sa yo pou nou. Pa gen anyen ki ka gate yo, ni detwi yo, ni fè yo pèdi bèlte yo.


Pa rann mal pou mal, pa joure moun, menm lè yo joure nou. Okontrè, beni moun sa yo, paske se pou benediksyon Bondye te rele nou.


跟着我们:

广告


广告