Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 1:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Bondye t ap ranje tout bagay pou fè plan an reyalize lè moman an ta rive. Plan li, se pou l reyini tout bagay ki nan syèl la ak sa ki sou latè, pou li rasanble yo tout, menm jan ak yon kò, avèk Kris kòm tèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm

参见章节 复制




Efezyen 1:10
29 交叉引用  

Apre sa tout nasyon sou latè pral rasanble devan li. L ap separe yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit.


Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.”


Tout sa k te rive moun sa yo la pou sèvi egzanp pou nou. Yo ekri bagay sa yo pou sèvi avètisman pou nou. N ap viv nan yon tan kote jou lafen an rive.


Epi, men kèk bagay mwen ta renmen eksplike nou, paske se vre, se Kris ki alatèt tout gason yo, alatèt madanm nan se gason an epi se Bondye ki alatèt Kris.


Men, lè lè a te rive, Bondye te voye Pitit li a, yon fanm te ba l nesans epi li te viv anba Lalwa.


Bondye Papa a mete tout bagay anba pouvwa Jezikris epi li mete Kris chèf sou tout bagay nan Legliz la.


Jezi mete yon bout nan lalwa a ak tout kantite kòmandman ak regleman l yo. Li fè sa pou l ka fè de gwoup moun yo vin tounen yon sèl nan li menm. Epi se sa menm ki bay lapè a.


Se nan li tout fanmi Bondye a ki nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo.


Nou konnen byen, Bondye ban m fè travay sa a, nan gras li, pou m ede nou.


Se ak puisans Pitit la Bondye te kreye tout bagay ki egziste, kit sa ki nan syèl moun pa ka wè, kit sa ki sou latè moun ka wè, wa yo, gwo chèf yo, pouvwa yo, otorite yo, tout bagay nèt te fèt pa mwayen Pitit la, epi pou Pitit la.


Epi Bondye ap rekonsilye tout bagay ak li menm ankò pa mwayen Pitit la. Se san Pitit la ki koule sou kwa a ki fè Bondye ka fè lapè ak tout bagay sou latè, menm jan ak sa ki nan syèl la.


Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit. Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.


Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen.


Bondye planifye yon pi bon bagay pou nou. Bondye pa t vle fè yo rive nan nivo pèfeksyon an san nou menm.


Ofrann ak sakrifis nan ansyen sistèm nan te plis pase manje, bwason, ak divès seremoni pirifikasyon. Règ sa yo te valab jouktan Bondye te vini ak yon lòt sistèm tounèf.


Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou.


Yo t ap chante yon nouvo chan: “Ou diy pou w pran woulo liv la epi pou kase sele yo, paske ou te mouri an sakrifis, epi ak san ou, ou te achte pou Bondye moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.


跟着我们:

广告


广告