Ebre 9:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil26 Si Kris te ofri tèt li plizyè fwa, li t ap bezwen soufri plizyè fwa depi kòmansman kreyasyon an. Men li te vini pou ofri tèt li yon sèl fwa pou tout. Li vini nan lè lemonn pa lwen rive nan bout li. Li ofri tèt li kòm sakrifis pou li retire tout peche. 参见章节1998 Haïtienne26 Si se pat sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, kounyeya, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen26 Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan. 参见章节 |
Bèt ou wè a, yon tan li te egziste, men li pa egziste ankò. Li gen pou l monte sot nan twou san fon an epi y ap detwi l. Moun k ap viv sou latè va sezi lè yo va wè bèt la, paske gen yon lè l te vivan, li te vin p ap viv ankò, epi li gen pou l vini ankò. Moun sa yo, se moun ki pa t janm gen non yo ekri nan liv lavi a depi mond lan te kòmanse.