Ebre 9:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil14 Pa gen okenn dout san Kris la ka fè plis toujou. Kris te ofri tèt li bay Bondye, pa mwayen Sentespri a ki te toujou la, tankou yon sakrifis san defo. San li ap netwaye nou nèt anba tout bagay mal nou te fè. L ap ban nou yon konsyans ki klè pou nou ka sèvi Bondye vivan an. 参见章节1998 Haïtienne14 nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen14 konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an? 参见章节 |
Konsa, nan sa ki konsène Jezikris, nou ta dwe fini ak premye leson yo. Nou pa dwe kontinye ap tounen dèyè, menm kote nou te kòmanse a. Wi, nan kòmansman, nou te aprann klè pou nou vire do bay vye zak nou te konn pratike yo epi pou nou mete konfyans nou nan Bondye. Se lè sa a tou, nou te aprann kesyon batèm, poze men sou tèt moun, rezireksyon moun ki mouri, ak jijman fin al. Kounye a, se lè pou nou avanse nan ansèyman ki pi solid toujou.