Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 9:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Kris te antre yon sèl fwa Kote ki pi Sen an. E li pa t bezwen fè l yon dezyèm fwa. Li te antre Kote ki pi Sen an avèk pwòp san li, li pa t ofri san bouk kabrit oswa san ti towo bèf. Li antre epi li delivre nou anba peche pou tout tan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pat san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l menm li te ofri. Se sa k fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l te ka delivre nou pou tout tan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.

参见章节 复制




Ebre 9:12
32 交叉引用  

Men kanta pou moun ki pale Sentespri a mal, peche sa a p ap jan jwenn padon.”


“Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la. Li vin pote konkou bay pèp li a, li vin libere yo.


Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a tankou bèje pran swen twoupo, yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li.


Nan Kris, nou jwenn libète poutèt san li ki te koule. Nou jwenn padon peche nou yo, poutèt richès gras Bondye.


Se pa mwayen Pitit la Bondye ban nou libète epi li padone peche nou.


Konsa nou te vin konnen Jezi, limenm ki delivre nou anba jijman ki gen pou vini an. Nou kwè Bondye te fè Jezi, Pitit li a, soti vivan pami mò yo epi nou vin gen espwa l ap retounen soti nan syèl la pou l vin sove nou.


Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.


Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat Papa a ki gen tout pouvwa a.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a.


paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo.


Menm jan an tou, Jezi te soufri deyò vil la. Li mouri pou li ka fè pèp la sen ak pwòp san li.


Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan.


Li pa menm jan ak lòt prèt yo. Li pa bezwen ofri sakrifis chak jou pou peche pa l ak peche pèp la menm jan lòt prèt yo te konn fè sa. Li te ofri yon sakrifis yon fwa pou tout. Epi se tèt li li te ofri kòm sakrifis.


Anvan sa, san bouk kabrit, san towo bèf ak san femèl bèf yo te boule yo te sifi pou yo te rann moun ki pa t nan kondisyon pou fè adorasyon yo pwòp. Men sa te netwaye kò yo sèlman.


Pa gen okenn dout san Kris la ka fè plis toujou. Kris te ofri tèt li bay Bondye, pa mwayen Sentespri a ki te toujou la, tankou yon sakrifis san defo. San li ap netwaye nou nèt anba tout bagay mal nou te fè. L ap ban nou yon konsyans ki klè pou nou ka sèvi Bondye vivan an.


Se poutèt sa Kris negosye yon nouvo pwomès pou pèp li a. Konsa tout moun Bondye chwazi yo ap ka jwi eritaj etènèl Bondye te pwomèt yo. Sa posib paske Kris te mouri pou libere lèzòm anba peche yo te komèt lè yo te nan premye pwomès la.


Premye bagay Moyiz te fè, se te li tout kòmannman lalwa yo jan yo ye a. Apre sa, li te pran san jèn towo bèf yo, li melanje l avèk dlo. Lè l fin i, li sèvi ak yon moso lèn wouj avèk branch izòp pou l te ka simen kèk gout sou liv lalwa a ak sou tout pèp la.


Menm jan an tou Kris ofri tèt li kòm sakrifis yon fwa pou tout, pou li kapab efase peche anpil moun. Li gen pou l parèt yon dezyèm fwa, men se pa pou l vin ofri tèt li pou peche, men pou l pote delivrans bay moun ki ap tann li kòm yon sakrifis.


Men se sèlman granprèt yo ki te ka antre nan dezyèm chanm nan yon sèl fwa nan yon ane. E li pa t janm ka antre san l pa t gen san bèt nan men l. Se san sa a li te ofri bay Bondye pou peche pa l ak pou peche pèp la te komèt san yo pa konnen.


ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè. Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo.


Yo t ap chante yon nouvo chan: “Ou diy pou w pran woulo liv la epi pou kase sele yo, paske ou te mouri an sakrifis, epi ak san ou, ou te achte pou Bondye moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.


跟着我们:

广告


广告