Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 8:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Lè Bondye di l ap fè yon nouvo kontra, li fè premye a tounen yon ansyen kontra. Bagay ki ansyen moun p ap sèvi ankò pa lwen disparèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Lè Bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Lè L te di: “Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.

参见章节 复制




Ebre 8:13
15 交叉引用  

Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen la pou tout tan.


Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche nou.”


Lanmou la pou tout tan. Tout lòt don yo gen pou rive nan bout yo, menm ata don pwofesi, don pou pale diferan lòt lang, ak don konesans espesyal.


Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.


Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo!


Tout bagay sa yo gen pou yo disparèt, men ou menm, ou toujou la. Yo gen pou yo vin ize tankou vye rad.


Nou vini bò kote Jezi, li menm ki vini ak nouvo kontra Bondye siyen ak pèp li a. Yo te aspèje w ak san Jezi ki te koule a, san k ap di bagay ki pi bon pase san Abèl la.


Se sa ki fè, Jezi se garanti Bondye bay pèp li a pou l montre li fè l yon pi bon pwomès.


Jezi li menm gen yon travay ki pi enpòtan. Li rann yon nouvo akò posib ant Bondye ak pèp li a. Akò sa pi bon paske li chita sou anpil pwomès ki pi bon.


Men Bondye te jwenn gen bagay ki pa t bon lakay pèp la. Bondye di: “SENYÈ a deklare, jou yo pa lwen rive pou mwen fè pèp Izrayèl la ak pèp Jida a yon nouvo pwomès.


Se poutèt sa Kris negosye yon nouvo pwomès pou pèp li a. Konsa tout moun Bondye chwazi yo ap ka jwi eritaj etènèl Bondye te pwomèt yo. Sa posib paske Kris te mouri pou libere lèzòm anba peche yo te komèt lè yo te nan premye pwomès la.


跟着我们:

广告


广告