Ebre 7:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil26 Donk, Jezi se kalite prèt nou bezwen an. Li sen epi li inosan. Li pa gen okenn peche nan li. Moun pa ka enfliyanse l pou fè l tonbe nan peche. Bondye leve l nan yon nivo ki pi wo pase syèl la. 参见章节1998 Haïtienne26 Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l apa, yo wete l nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l, li mete l pi wo pase syèl la. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen26 Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo; 参见章节 |
Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a.