Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 7:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Selon lalwa Moyiz la se sèl moun nan fanmi Levi ki gen dwa vin sakrifikatè nan menm liy ak Aawon. Men kòm pa t gen okenn sakrifikatè ki te san fay nan sistèm sa a, te vin gen bezwen pou yon lòt kalite prèt. Konsa, Bondye etabli yon sakrifikatè nan menm liy ak Mèlkisedèk.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Se sou baz travay prèt ras Levi yo Bondye te bay pèp Izrayèl la lalwa Moyiz la. Si travay prèt ras Levi yo te yon travay ki te bon nèt, pa ta gen nesesite menm pou yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?

参见章节 复制




Ebre 7:11
17 交叉引用  

Mwen chwazi pou m pa meprize favè Bondye fè m nan. Paske, si se ta lè yon moun fè sa lalwa mande li dwat devan Bondye, enben, nou ta mèt di Kris pa t bezwen mouri.


Se menm bagay pou nou tou. Yon lè nou te menm jan ak timoun, nou te esklav yon bann fòs k ap domine sou lavi moun.


Men kounye a, nou konnen vrè Bondye a. Ann di pito, se Bondye ki konnen nou. Alò, poukisa nou retounen al obeyi vye fòs san pouvwa san valè, bagay nou te swiv anvan yo? Èske nou vle retounen esklav bagay sa yo ankò?


Wi, Bondye etabli Jezi granprèt nan menm liy ak Mèlkisedèk.


Nan yon lòt pasaj Bondye di l: “Ou se sakrifikatè pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.”


Jezi deja antre la, epi l ap fè wout pou nou. Se li menm ki tounen granprèt pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.


Lè Abraram te rankontre ak Mèlkisedèk, Levi pa t ko fèt, men nou ka di li te nan ren zansèt li Abraram.


Depi liy sakrifikatè a chanje, fòk lalwa a chanje tou.


N ap pale de Jezikris, Senyè nou ki soti nan yon fanmi diferan de sa Lalwa di. Li soti nan gwoup fanmi Jida. Pa gen okenn lòt moun nan fanmi sa a anvan l ki te sèvi kòm sakrifikatè. Moyiz pa t janm pale de yon sakrifikatè ki t ap soti nan gwoup fanmi Jida.


Men bagay yo vin pi klè pou nou lè n wè lòt sakrifikatè ki parèt la tankou Mèlkisedèk.


Men se yon sèman ki etabli Jezi prèt. Men sa Bondye te di: “SENYÈ a fè sèman eli p ap tounen sou pawòl li: Ou se prèt pou toujou.”


Si tout bagay te anfòm nèt ak premye akò a, dezyèm akò a pa t ap nesesè.


Tout bagay nan tant lan te fin byen pare konsa, prèt yo te antre nan premye chanm tant lan pou yo fè travay yo chak jou.


跟着我们:

广告


广告