Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 6:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Zanmi m yo, se vre nou pale konsa, men nou vrèman pa espere okenn nan nou ta nan ka sa a. Nou espere pi bon bagay pou nou, nou sèten nou nan chemen delivrans lan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Nou mèt wè m ap pale konsa, frè m yo, mwen gen anpil konfyans nan nou toujou. Mwen konnen nou nan chemen ki pou delivre nou an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Men byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.

参见章节 复制




Ebre 6:9
24 交叉引用  

Nenpòt ki kwè epi ki batize va sove, men moun ki pa kwè ap kondane.


Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.


M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.


An konklizyon zanmi m yo, retire kò w nan zafè adorasyon zidòl.


Mwen espere ou pa panse se tèt nou n ap chache defann devan w. Non, nou di tout bagay sa yo antan sèvitè Kris la ak Bondye kòm temwen nou. Se zanmi w nou ye. Donk, tout sa nou di, se pou ede w grandi.


Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye.


Tristès ki fè Bondye plezi pote chanjman nan kè. Se kalite tristès sa a ki pèmèt moun sove. Donk, nou pa bezwen gen regrè pou kalite tristès sa a. Men, kalite tristès lemonn bay la, se lanmò li gen pou rezilta.


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan.


Men nou menm, nou pa pami moun k ap rale kò yo dèyè epi ki pèdi. Nou fè pati moun ki gen lafwa epi ki sove.


Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a.


Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan.


Bondye pa enjis, li p ap bliye tout travay nou fè pou li. L ap sonje ki kalite lanmou nou te montre nou genyen pou li nan jan nou te ede lòt kretyen ak nan jan n ap kontinye ede yo.


Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an.


Zanmi m yo, sa se dezyèm lèt m ap ekri nou. Nan toulede, m ap chache fè n sonje kèk bagay nou konnen deja, pou m kapab ede n reflechi yon fason ki dwat.


Byeneme m yo, se pa yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a, men se yon ansyen kòmandman nou te resevwa depi nan kòmansman. Ansyen kòmandman sa a, se pawòl nou te deja tande a.


Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout.


跟着我们:

广告


广告