Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 6:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 De bagay ki pa ka chanje: Bondye pa ka bay manti, li pa ka pa kenbe pwomès li te fè. Konsa, pou nou menm ki chache refij nan Bondye, nou ankouraje kenbe esperans nou pi fèm toujou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l, sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.

参见章节 复制




Ebre 6:18
46 交叉引用  

Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen la pou tout tan.


Pami moun yo ki t ap vin resevwa batèm Jan an, te gen anpil Farizyen ak Sadiseyen. Lè Jan wè sa, li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an?


Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon.


Se nan Bondye pasyans ak ankourajman soti. M ap priye pou Bondye ede nou viv an amoni youn ak lòt, nan swiv egzanp Jezikris.


Bondye ofri Jezi kòm yon mwayen pou l padone peche moun. Li te rive fè sa paske Jezi te rete fidèl jiska lafen. San l te koule epi li mouri sou kwa a pou chak moun. Sa montre kijan Bondye bon epi fidèl nan reyalize pwomès li te fè. Li te fidèl nan tan pase yo, li pa t pini moun poutèt peche yo. Li montre sa, nan tan pa nou an tou, kijan li fidèl nan kenbe pwomès li. Lè l bay Jezi kòm ofrann, se montre l montre kijan li jis epi kijan li aksepte moun ki patisipe nan fidelite Jezi a tankou moun ki jis.


Swa jamè! Menm si tout moun ta enfidèl nan sa yo te pwomèt, Bondye ap toujou fidèl, l ap toujou fè sa l te di. Jan Pawòl Bondye di l la: “Yo va jwenn ou dwat nan sa w di. Epi si yo ta akize w, w ap genyen pwosè a.”


Epi espwa sa a p ap janm twonpe nou. Nou konnen sa, paske Bondye ranpli kè nou ak renmen pa mwayen Sentespri li ban nou an.


Si nou vle ankouraje m nan Kris la, si nou vle fè m santi m byen, si nou vle fè yon sèl ak mwen nan menm Espri a, si nou vle montre afeksyon ak konpasyon youn pou lòt,


Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.


Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye.


Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja.


Konsa nou te vin konnen Jezi, limenm ki delivre nou anba jijman ki gen pou vini an. Nou kwè Bondye te fè Jezi, Pitit li a, soti vivan pami mò yo epi nou vin gen espwa l ap retounen soti nan syèl la pou l vin sove nou.


Se mwen menm Pòl, apot Jezikris la, k ap salye nou. Mwen se yon apot sou baz kòmandman Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikris, sous esperans nou an.


Ou dwe konbat pou w gade lafwa, epi kenbe lavi etènèl. Se pou lavi sa a Bondye te rele w. Ou te fè byen, lè w te pale devan yon bann temwen. Sa fè wè jan w gen lafwa.


Si nou pa fidèl, li menm, l ap toujou rete fidèl, paske li pa kapab nye pwòp tèt li.


Lè sa a, y ap kapab espere ale viv avèk Bondye pou tout tan. Anvan mond lan te kòmanse, Bondye te pwomèt pèp li a lavi sa a. Epi Bondye pa manti.


Noye te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè lè li te jwenn avètisman sou bagay ki pa t ko janm rive, li te pran l pou pawòl serye. Konsa li bati yon gwo bato pou sove fanmi li. Lafwa Noye te sèvi kondanasyon pou lemonn. Li antre nan kategori moun ki te jis devan Bondye gras ak lafwa li.


Poutèt mwen te fache, mwen te sèmante: Yo p ap antre nan plas repo m nan.”


Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.


Paske Bondye te vle montre yon fason klè pa gen mank nan pwomès li te fè a, kon sa li te fè yon pwomès ak sèman.


Lalwa Moyiz la pa t ka mennen nou nan pèfeksyon. Kounye a gen yon pi bon espwa. Se espwa sa a ki ban nou asirans pou nou pwoche pi pre Bondye.


Men se yon sèman ki etabli Jezi prèt. Men sa Bondye te di: “SENYÈ a fè sèman eli p ap tounen sou pawòl li: Ou se prèt pou toujou.”


Si nou di nou pa janm fè peche, nou fè l tounen yon moun k ap bay manti epi tou nou rejte ansèyman li a.


Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan li menm menm. Moun ki pa kwè Bondye fè l tounen yon moun k ap bay manti paske li pa kwè nan temwayaj Bondye rann pou Pitit li a.


跟着我们:

广告


广告