Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 6:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Nou pa vle nou vin parese. Nou vle nou vin menm jan avèk sila yo ki pral resevwa tout sa Bondye te pwomèt l ap bay yo poutèt lafwa ak pasyans yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Mwen pa ta vle nou lage kò nou nan fè parès. Okontrè, se pou nou swiv egzanp moun ki gen konfyans yo, moun ki rete tann ak pasyans. Se poutèt sa yo te resevwa sa Bondye te pwomèt la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.

参见章节 复制




Ebre 6:12
36 交叉引用  

Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.”


Mèt la reponn li: Ou se yon sèvitè mechan epi w parese! Ou te konnen m rekòlte kote m pa t simen grenn, m ranmase fwi kote w pa t plante,


Se kon sa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram, pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li.


Grenn ki tonbe nan bon tè yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la ak yon kè onèt epi bon. Yo obeyi pawòl la kòrèkteman epi avèk pasyans, yo pwodui yon bon rekòt.


Se pou n gen devouman nan lespri nou, nou pa dwe parese. Se pou n toujou chofe pou sèvis Senyè a.


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Men se pa sikonsizyon yo a sèlman ki fè l papa yo. Li se papa yo si yo imite lafwa l te genyen anvan l te sikonsi a.


Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.


Nou di lòt legliz Bondye yo kijan nou fyè pou jan ou ye a. Nou pale yo de pasyans ou, de andirans ou epi tou de lafwa ou nan mitan pèsekisyon, nan mitan latwoublay.


Èske zanj yo se pa espri ki nan sèvis Bondye yo ye? Bondye voye yo pou vin ede moun ki gen pou resevwa delivrans lan.


Nou bezwen pasyans pou n fè sa Bondye vle nou fè, epi pou n jwenn sa l pwomèt nou.


Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, kon sa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon.


Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an.


Pa bliye lidè nou yo. Se yo ki te fè n konnen mesaj Bondye a. Sonje jan yo te viv lavi yo ak jan yo te mouri. Imite lafwa yo.


Nou gen anpil lòt koze pou nou di sou sijè sa a. Men nou gen difikilte pou nou ta di yo paske nou vin tèlman lou pou nou konprann.


Abraram te tann ak pasyans. Abraram te resevwa sa Bondye te pwomèt la.


Paske, nou konnen sa, lè lafwa w rankontre eprèv, ou aprann gen pasyans nan soufrans yo.


Poutèt sa, frè ak sè m yo, fè jefò pi plis pou nou ka konfime apèl ak chwa Bondye te fè pou nou an. Si nou fè sa konsa, nou p ap janm tonbe.


Epi, men pwomès Pitit la te fè a: lavi etènèl.


Si yon moun te dwe al nan prizon, fòk li al nan prizon. Yon moun yo te dwe touye ak nepe, y ap touye l ak nepe. Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo dwe gen pasyans ak lafwa.


跟着我们:

广告


广告