Ebre 6:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil11 Nou swete volonte ak dezi nou genyen pou montre lanmou kontinye rete aktif pou tout rès lavi nou. Konsa, nou ka sèten esperans nou yo ap satisfè. 参见章节1998 Haïtienne11 Men, mwen ta renmen wè nou toujou kenbe konsa nan aktivite travay la jouk sa kaba, konsa sa n'ap tann lan ka rive vre. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen, 参见章节 |
Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.
Lè n te pote Bòn Nouvèl Jezikris a, nou pa t fè sa nan pale sèlman. Men Bondye te montre puisans li, prezans Sentespri a te vrèman reyèl, epi ou menm, ou te kapab wè kijan nou te kwè totalman nan sa nou t ap di w. Epitou, jan nou menm nou te kondui tèt nou, sa te montre aklè kijan nou se moun Kris nou ye. Nou te fè sa kon sa pou byen ou menm.