Ebre 6:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil1-2 Konsa, nan sa ki konsène Jezikris, nou ta dwe fini ak premye leson yo. Nou pa dwe kontinye ap tounen dèyè, menm kote nou te kòmanse a. Wi, nan kòmansman, nou te aprann klè pou nou vire do bay vye zak nou te konn pratike yo epi pou nou mete konfyans nou nan Bondye. Se lè sa a tou, nou te aprann kesyon batèm, poze men sou tèt moun, rezireksyon moun ki mouri, ak jijman fin al. Kounye a, se lè pou nou avanse nan ansèyman ki pi solid toujou. 参见章节1998 Haïtienne1 Se sa k fè, ann grandi toujou pou n ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekonmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n mete l nan Bondye. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, 参见章节 |
Mwen kòmanse di moun yo pou yo chanje jan y a viv la, epi pou you vin jwenn Bondye. Mwen di yo pou yo viv yon fason ki montre lavi yo chanje. Premyèman, mwen pale ak moun lavil Damas. Apre sa, m ale Jerizalèm, toupatou nan Jide epi mwen pale ak tout moun sa yo. Mwen al pale ak moun ki pa Jwif yo tou.
Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte: Nou te konnen Kris, lè l te vin pran fòm yon moun; Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye, se verite a; zanj yo te wè l. Mesaj konsènan Jezi a te preche pami tout nasyon yo; Moun toupatou sou latè kwè nan li; Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.