Ebre 5:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil7 Pandan lavi Jezi sou latè li te priye Bondye, li te mande èd nan men sila ki te ka sove l anba lanmò. Li te priye ak gwo rèl ak dlo nan je. Bondye te reponn priyè li poutèt krentif li te gen pou Bondye. 参见章节1998 Haïtienne7 Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l anba lanmò. Bondye koute l, paske li te soumèt devan Bondye. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li. 参见章节 |
Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte: Nou te konnen Kris, lè l te vin pran fòm yon moun; Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye, se verite a; zanj yo te wè l. Mesaj konsènan Jezi a te preche pami tout nasyon yo; Moun toupatou sou latè kwè nan li; Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.
Se pou Bondye, ki se sous lapè a, ban nou tout sa nou gen bezwen pou n ka fè volonte l. Se Bondye li menm ki te resisite Jezi Senyè nou an, pi gran Bèje mouton l yo. Li te ofri san l kòm garanti pou kòmanse yon nouvo kontra ki pa gen fen. Se pou Bondye kontinye fòme nou pa mwayen Jezikris pou n toujou fè bon bagay ki fè l plezi. Se li menm ki merite glwa pou tout letènite. Amèn!