Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 4:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Poutan, okazyon pou kèk moun antre nan repo Bondye a epi jwi li toujou egziste. Moun ki te tande Bòn Nouvèl la anvan pa t antre nan repo a, poutèt dezobeyisans yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Moun ki te resevwa bòn nouvèl la an premye, yo pat antre kote sa a paske yo pat mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lòt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kò yo ansanm ak Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, paske li rete pou kèk moun antre ladann, epi sila ki, avan, te gen bòn nouvèl la preche a yo menm yo, te echwe antre ladann akoz dezobeyisans yo,

参见章节 复制




Ebre 4:6
14 交叉引用  

Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a.


Mwen vle fè nou konnen sa, nou menm Jwif, Bondye voye delivrans li a bay moun ki pa Jwif yo. Yo menm y ap koute!”


Frè m ak sè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Konsa depi kounye a, yon nonm ki gen madanm ta dwe viv san sousi tankou yon nonm ki pa gen madanm.


Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.”


Konsa, an nou fè tout sa ki depann de nou pou nou antre nan repo Bondye a. Wi, nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou okenn nan nou pa pèdi nan swiv move egzanp moun ki te refize obeyi Bondye yo.


Wi, zansèt yo te tande Bòn Nouvèl la menm jan avè nou, men li pa t itil yo anyen, paske yo pa t kwè ladan l.


Sa fè nou konprann gen yon setyèm jou,


跟着我们:

广告


广告