Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 4:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Pou nou menm ki kwè l, nou antre nan repo Bondye a. Men sa Bondye di li menm: “Paske yo fè m fache, mwen te fè sèman: Yo p ap antre nan plas repo m nan.” Men, travay Bondye te rive nan bout li depi lè l fini ak kreyasyon an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Dapre sa ki ekri: Mwen te fè kòlè, mwen te sèmante: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske nou menm ki te kwè yo, nou te antre nan repo sa a, jan Li te di a: “Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, yo p ap antre nan repo Mwen”, malgre zèv Li yo fini depi nan fondasyon mond lan.

参见章节 复制




Ebre 4:3
15 交叉引用  

Sa te rive kon sa pou pwofesi sa a te ka akonpli: “M pral pale an parabòl. M pral mete deyò sekrè ki kache depi fondasyon lemonn.”


Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman.


Nan Jezikris, Bondye chwazi nou anvan menm li te kreye lemonn. Li chwazi nou nan amou li, pou n vin yon pèp sen pou li, san fot devan je l.


Poutèt mwen te fache, mwen te sèmante: Yo p ap antre nan plas repo m nan.”


Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an.


Si Kris te ofri tèt li plizyè fwa, li t ap bezwen soufri plizyè fwa depi kòmansman kreyasyon an. Men li te vini pou ofri tèt li yon sèl fwa pou tout. Li vini nan lè lemonn pa lwen rive nan bout li. Li ofri tèt li kòm sakrifis pou li retire tout peche.


Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou.


跟着我们:

广告


广告