Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 4:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Kounye a nou ka pwoche bò twòn Bondye ak konfyans kote nou ka jwenn gras Bondye agogo pa mwayen Jezikris ki se granprèt nou. N ap jwenn gras ak konpasyon bò twòn Bondye pou ede nou nan moman nou pi bezwen yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

参见章节 复制




Ebre 4:16
18 交叉引用  

Wi, grenmesi Kris la, nou tout, kit nou Jwif kit nou pa Jwif, nou gen dwa pwoche bò kote Bondye Papa a nan Sentespri a sèlman.


Nan Kris la, nou kapab pwoche devan Bondye ak tout libète, san nou pa pè angnen. Nou ka fè sa poutèt lafwa nou nan Kris la.


Se sa ki fè nou pa bezwen pè di: “Senyè a se sekou mwen. Poutèt sa, nou kapab di ak fòs: Ki sa lèzòm ka fè m?”


Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.


Lalwa Moyiz la pa t ka mennen nou nan pèfeksyon. Kounye a gen yon pi bon espwa. Se espwa sa a ki ban nou asirans pou nou pwoche pi pre Bondye.


Konsa, Jezi gen pouvwa pou l sove nètale tout moun ki vin jwenn Bondye pa mwayen li menm. Li toujou vivan epi li vle entèsede pou tout moun ki pwoche bò kote Bondye.


Anlè Kòf la, te gen imaj zanj ak zèl yo rele cheriben ki te sèvi kòm senbòl glwa Bondye. Zèl cheriben yo te sou tout kouvèti Kòf Pwomès la. Men nou pa ka di tout bagay sou sa kounye a.


Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye, men kounye a, nou se pèp Bondye. Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou, men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou.


跟着我们:

广告


广告