Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 2:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Se konsa, li te fèt pou l te vin tankou frè l yo sou tout pwen, pou l te ka sèvi yo tankou yon granprèt ki gen anpil pitye pou yo, k'ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Pou sa ta vin rive, li te oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo.

参见章节 复制




Ebre 2:17
37 交叉引用  

M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikris.


Men sa m vle di, poutèt lè nou te lènmi Bondye, li menm li te rekonsilye nou avè l pa mwayen lanmò Pitit li a, se yon rezon anplis pou nou gen garanti l ap sove nou pa mwayen lavi Pitit li a tou.


Avèk lanmò l sou lakwa, Jezi mete bout nan rayisman ki te genyen ant Jwif yo ak moun ki pa Jwif yo. Li rekonsilye yo epi li fè yo fè yon sèl kò nan Bondye.


Lontan, nou te lwen Bondye, nou te lènmi Bondye poutèt sa nou te konn panse ak sa nou fè ki mal yo.


Epi tou nou gen yon granprèt puisan ki ap renye sou kay Bondye a.


Konsa, Jezi ki fè moun vin sen an, ansanm ak moun ki vin sen yo, yo tout soti nan menm fanmi lan. Se sa k fè Jezi pa wont pou l rele yo frè ak sè li.


Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, kon sa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a.


Li parèt klè Jezi pa t vin pou ede zanj, se pou pitit pitit Abraram yo li te vini.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou.


Se Bondye menm ki te mete l granprèt. Li te fidèl menm jan Moyiz te fidèl nan kay Bondye a.


Moyiz se yon sèvitè ki te fidèl nan tout kay Bondye a. Li te anonse moun sa Bondye te gen pou l fè nan tan k ap vini yo.


Nou gen yon granprèt ki monte nan syèl la bò kote Bondye. Se Jezi Pitit Bondye a. An nou kenbe lafwa nou fèm nan Jezi.


Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche.


Se nan mitan lèzòm yo chwazi granprèt yo. Granprèt la la pou ede moun nan sèvis y ap fè pou Bondye. Li la pou ofri ofrann ak sakrifis pou peche yo bay Bondye


Wi, Bondye etabli Jezi granprèt nan menm liy ak Mèlkisedèk.


granprèt la genyen pwòp feblès pa l. Konsa, li ka aji avèk dousè ak moun ki fè sa ki mal poutèt inyorans yo.


Menm jan an tou, Kris la pa t chwazi pou l te pran onè pou l vin granprèt. Men se Bondye li menm ki te chwazi l, lè l di: “Ou se Pitit mwen. Mwen se Papa w apati de jodi a.”


Jezi deja antre la, epi l ap fè wout pou nou. Se li menm ki tounen granprèt pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.


Donk, Jezi se kalite prèt nou bezwen an. Li sen epi li inosan. Li pa gen okenn peche nan li. Moun pa ka enfliyanse l pou fè l tonbe nan peche. Bondye leve l nan yon nivo ki pi wo pase syèl la.


Lalwa te etabli l kòm prèt ki te gen menm feblès ak tout moun. Men, se apre lalwa, Bondye te fè sèman l ap mete Pitit ki san fay la kòm sakrifikatè pou letènite.


Pwen ki pi enpòtan nan tout sa n ap di nou la, se paske se kalite granprèt sa a nou genyen. Li chita nan plas donè a, adwat twòn laglwa Bondye ki nan syèl la.


Tout granprèt etabli pou ofri don ak sakrifis bay Bondye. Konsa, fòk granprèt nou an gen yon bagay pou l ofri tou.


Okontrè, Kris deja vini kòm granprèt. Li se granprèt tout kalite bon bagay nou gen kounye a. Men li pa fè sèvis nan menm kalite tant ak lòt prèt yo. L ap sèvi nan yon tant ki san fay. Se pa yon tant ki te fèt isit sou latè. Li pa fè pati mond sa a.


跟着我们:

广告


广告