25 Se pou gras Bondye rete avèk nou tout.
25 Benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.
25 Ke lagras rete avèk nou tout.
Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li. Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikris, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.
Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou. Gras Senyè nou an Jezi avè n!
Gayis ap salye nou. Se lakay li m ye. Epi se lakay li tout legliz la reyini. Eras, trezorye vil la, ap salye nou ak Katis tou, se yon frè nou.
Gras Bondye avèk tout moun ki renmen Senyè Jezikris ak yon lanmou ki p ap janm fin i.
Mwen voye salye nou, mwen menm Pòl, ak pwòp men pa m. Sonje nan ki sitiyasyon m ap viv kòm prizonye. Gras Bondye avèk nou!
Timote, mwen priye pou Senyè a akonpanye lespri w! Se pou gras li avèk nou tout! Amèn.
Tout moun ki isit avè m yo voye salye nou. Salye zanmi nou yo nan lafwa ki bò kote pa w yo. Gras Bondye avèk nou tout!
Se mwen menm, Jak, sèvitè Bondye ak Senyè Jezikris, ki voye salye nou. Mwen voye lèt sa a pou tout pèp Bondye a ki gaye toupatou sou latè.
Se pou gras Senyè Jezi rete poze sou nou tout.