Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 13:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20-21 Se pou Bondye, ki se sous lapè a, ban nou tout sa nou gen bezwen pou n ka fè volonte l. Se Bondye li menm ki te resisite Jezi Senyè nou an, pi gran Bèje mouton l yo. Li te ofri san l kòm garanti pou kòmanse yon nouvo kontra ki pa gen fen. Se pou Bondye kontinye fòme nou pa mwayen Jezikris pou n toujou fè bon bagay ki fè l plezi. Se li menm ki merite glwa pou tout letènite. Amèn!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve sòti vivan pami mò yo. Jezi se Senyè nou an ki te mouri pou l te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an,

参见章节 复制




Ebre 13:20
53 交叉引用  

Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun.


Jezi di yo: “Sa a se san mwen, san k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou siyen nouvo kontra Bondye fè ak anpil moun.


Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche nou.”


Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo.


Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou.


Men Bondye Papa a te resisite Jezi.


Li gentan deside ki jou l ap jije tout moun nan mond lan selon lajistis. Pou l fè jijman sa a, l ap sèvi ak yon moun li te chwazi depi lontan. Bondye gentan bay prèv se nonm sa a k ap fè jijman an nan resisite li te fè l resisite a.”


Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l.


Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan nan lanmò. Nou tout te temwen evènman sa a.


Se kon sa nou te touye Jezi, li menm ki bay lavi. Men Bondye te fè l leve soti vivan pami mò yo. Nou menm nou se temwen tout bagay sa yo.


Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a.


Nou te klouwe Jezi sou yon kwa epi nou touye li. Men Bondye zansèt nou Abraram, Izarak ak Jakòb te konn sèvi a, fè l leve vivan ankò.


Men lè Sentespri a resisite Jezikris, Senyè nou an, se yon fason pou l deklare li se Pitit Bondye avèk puisans, pou l gouvène ak tout otorite.


“Epi, pa di: Ki lès ki pral desann nan pwofondè latè?” (Se ta pou n di “Ki moun ki pral fè Kris leve soti nan lanmò?”)


Se pou Bondye ki bay lapè a rete avèk nou tout! Amèn.


Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou. Gras Senyè nou an Jezi avè n!


Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.


Bondye pa yon Bondye dezòd, se yon Bondye de pè. Sa se prensip pou tout legliz pèp Bondye a lè yo reyini.


Nan ka sa a, nou t ap tounen fo temwen paske nou t ap bay manti sou Bondye. Nou di tout moun Bondye resisite Kris la. Men si okenn mò p ap resisite, donk Bondye pa t janm resisite Kris la.


Menm jan Bondye te sèvi ak puisans li pou l resisite Senyè a, se menm jan an tou li gen pou l resisite nou.


Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.


Bondye resisite Jezi Senyè a, epi nou konnen li gen pou l resisite nou tou ansanm avèk Jezi. Bondye gen pou l mete ou menm ak nou ansanm pou nou ka parèt ansanm nan prezans li.


Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la.


lè l te resisite Kris la nan lanmò epi li fè l chita adwat li nan syèl la.


Mete sa nou aprann an pratik, pratike sa nou te resevwa nan menm; sa nou tande ak sa nou wè nan lavi m. Epi Bondye ki sous lapè a va avèk nou.


Lè n te batize, nou te mouri epi antere ansanm avè l, nou te resisite ansanm avè l tou poutèt lafwa nou nan puisans Bondye.


Konsa nou te vin konnen Jezi, limenm ki delivre nou anba jijman ki gen pou vini an. Nou kwè Bondye te fè Jezi, Pitit li a, soti vivan pami mò yo epi nou vin gen espwa l ap retounen soti nan syèl la pou l vin sove nou.


Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini.


Nou priye Senyè ki konn bay lapè a pou l ba w lapè nèt ale nan tout bagay. Se pou Segnè avèk nou tout.


Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la.


Alò, reflechi pou nou wè ki gwo pinisyon ki rezève pou moun ki meprize Pitit Bondye a, moun ki montre yo pa gen okenn respè pou san sakrifis ki te kòmanse nouvo kontra a epi ki te rann nou pwòp la, oubyen moun ki pale Sentespri ki fè nou gras la mal.


Li di: “Sa a se san ki montre valè kontra Bondye mande pou n respekte a.”


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Nou te tankou “mouton ki pèdi wout nou”. Men kounye a, nou retounen vin jwenn Gadò nou an, sila a k ap veye sou lavi nou an.


Konsa, lè pi gran gadò a va vini, n ap resevwa yon kouwòn, yon kouwòn ekstrawòdinè ki p ap janm wouye.


跟着我们:

广告


广告