Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 13:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Obeyi lidè nou yo. Fè sa yo mande nou fè. Yo responsab byennèt espirityèl nou. Paske Bondye ap mande yo rann kont pou travay yo fè. Obeyi yo, kon sa yo ka fè travay yo ak kè kontan. Si n pa obeyi, y ap plenyen, epi lè kon sa li p ap nan avantaj nou ditou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.

参见章节 复制




Ebre 13:17
34 交叉引用  

Nonm rich la rele administratè a, li di l: Mwen aprann anpil move bagay de ou. Vin fè regleman avè m sou sa ou te fè ak lajan m yo, paske mwen p ap kite byen m yo anba men w ankò pou jere.


Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a tankou bèje pran swen twoupo, yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li.


Konsa, nou tout gen pou n rann kont devan Bondye pou sa nou fè.


swiv direktiv moun konsa, ansanm ak tout lòt moun ki pa fatige pou travay avèk yo.


Se pou nou soumèt nou youn anvè lòt, poutèt respè nou gen pou Kris la.


Mwen toujou priye pou nou, ak kè kontan.


Zanmi m yo, nou toujou obeyi m nan sa m di nou lè mwen avèk nou. Kounye a mwen pa la, li pi enpòtan ankò pou nou fè sa m mande nou fè. Kontinye viv yon fason ki montre nou se moun sove vre. Fè sa ak anpil respè ak krentif pou Bondye.


Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven.


Resevwa l byen nan Senyè a ak anpil jwa. Se moun tankou Epafwodit nou bezwen onore.


Paske, jan mwen te di sa plizyè fwa deja, epi kounye a se ak dlo nan je m m ap di l ankò. Gen anpil moun k ap viv tankou lènmi kwa Kris la.


Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a.


Si gen yon moun pami nou ki pa vle fè sa nou di yo nan lèt sa a, fè dosye pou li epi koupe relasyon ak li pou l ka vin wont.


Lidè yo k ap dirije legliz la byen, yo merite resevwa yon salè ki de fwa plis, sitou sa yo k ap preche ak sa yo k ap anseye.


Mwen voye salitasyon pou tout lidè yo ak tout pèp Bondye a. Tout kretyen ki soti Itali yo voye salitasyon.


Pa bliye lidè nou yo. Se yo ki te fè n konnen mesaj Bondye a. Sonje jan yo te viv lavi yo ak jan yo te mouri. Imite lafwa yo.


Enben, livre lavi w bay Bondye pou obeyi l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l ap kouri ale byen lwen w.


Jenn jan, m ap pale avè nou tou. Nou dwe aksepte otorite ansyen yo. Nou pa dwe gen lògèy nan relasyon nou youn ak lòt. “Bondye kanpe kont moun ki gen lògèy, men moun ki rekonèt yo piti, li fè yo gras.”


跟着我们:

广告


广告