Ebre 13:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil15 Nou pa dwe janm sispann ofri sakrifis nou bay Bondye pa mwayen Jezikris. Sakrifis sa a, se lwanj k ap soti nan bouch k ap selebre non Bondye. 参见章节1998 Haïtienne15 Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo. 参见章节 |
Nan menm moman an tou, Sentespri a te fè Jezi santi l kontan anpil, epi Jezi di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante gran choz. Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li.”
M pran egzanp sa a nan lavi chak jou, paske nou bezwen èd pou n konprann bagay espirityèl yo. Nan tan pase, nou te lage kèk pati nan kò nou pou yo te tounen esklav imoralite ak move panse ki pouse moun tonbe nan peche. Sa te lakòz nou t ap viv nan dezobeyisans kont Bondye. Menm jan an tou, nou dwe livre tèt nou kòm esklav pou fè sa ki byen. Rezilta sa va bay se yon lavi ki sen.