Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 13:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Nou pa gen yon vil ki la pou tout tan isit sou latè. Men n ap tann vil ki gen pou vini an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.

参见章节 复制




Ebre 13:14
18 交叉引用  

Frè m ak sè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Konsa depi kounye a, yon nonm ki gen madanm ta dwe viv san sousi tankou yon nonm ki pa gen madanm.


Soufrans n ap fè fas jodi a, yo la pou yon ti tan, epi y ap ede genyen yon glwa etènèl. Anplis, yo pa reprezante anyen devan glwa etènèl ekstraòdinè nou gen pou n al jwi.


Se sa k fè, nou menm ki pa Jwif, nou pa etranje ni moun vini ankò. Men, nou se sitwayen ansanm ak pèp ki apa pou Bondye a. Nou fè pati fanmi Bondye a.


Men nou menm, se moun syèl la nou ye. Se la Jezikris Senyè a, Sovè n ap tann nan ap soti.


Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan.


Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre.


Mo “yon lòt fwa ankò” a montre aklè Bondye pral sekwe tout bagay ki nan kreyasyon an epi li pral disparèt tout sa ki pa dire yo. Se sèlman sa ki pa ka sekwe k ap rete.


Bondye pa chwazi zanj pou l bay gouvène mond tounèf ki gen pou vini an. Se de mond tounèf sa a n ap pale a.


Sa fè nou konprann gen yon setyèm jou,


Okontrè, Kris deja vini kòm granprèt. Li se granprèt tout kalite bon bagay nou gen kounye a. Men li pa fè sèvis nan menm kalite tant ak lòt prèt yo. L ap sèvi nan yon tant ki san fay. Se pa yon tant ki te fèt isit sou latè. Li pa fè pati mond sa a.


Tout bagay prèt pou fini nan lemonn. Kidonk, fòk nou gen tèt nou an plas epi veye pou n pa fè okenn neglijans nan lapriyè.


Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou.


跟着我们:

广告


广告