Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 12:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nou tout gen papa isit sou latè ki korije nou, epi nou respekte yo. Konsa, li menm pi enpòtan toujou pou n obeyi Papa espirityèl nou pou n ka gen lavi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo pini nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv?

参见章节 复制




Ebre 12:9
28 交叉引用  

Li di yo: “Te gen yon jij nan yon vil. Jij sa a pa t gen okenn respè pou Bondye ni pou pèsonn moun.


Pandan yon bon tan, jij la te refize bay vèv la jistis. Men apre sa, jij la di nan kè l: Se vre mwen pa respekte ni Bondye ni lèzòm,


Sèl lavi paran yon moun kapab ba li se lavi fizik. Men, lavi Sentespri bay la se nan Lespri li soti.


David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.


Bòn Nouvèl la konsène Jezikris, Pitit Bondye a, ki soti nan ras David epi ki te pran fòm yon moun.


pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan.


Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.


Bese tèt ou devan Senyè a, limenm l ap leve w.


Enben, livre lavi w bay Bondye pou obeyi l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l ap kouri ale byen lwen w.


Konsa se pou nou soumèt nou devan Bondye ki gen tout pouvwa a pou li menm li ka leve nou lè lè a va rive.


Zanj lan di m konsa: “Se bon jan pawòl m ba w la, wi! Senyè a, Bondye ki dirije lespri pwofèt yo, li voye zanj li pou montre sèvitè l yo sa ki gen pou vini nan yon ti tan ankò.”


跟着我们:

广告


广告