Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 12:28 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

28 Men nou menm nou mèt di Bondye mèsi, paske nou resevwa yon wayòm pèsonn pa ka sekwe. An nou adore Bondye avèk anpil respè ak krentif,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l plezi, avèk respè, avèk krentif.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent.

参见章节 复制




Ebre 12:28
32 交叉引用  

Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman.


L ap renye sou pèp Izrayèl la pou tout tan. Pouvwa li p ap janm fin i.”


Se vre, yo te koupe yo, paske yo pa t gen lafwa, epi ou menm, ou rete kole nan pye bwa a, paske w gen lafwa. Pa lwanje tèt ou, ou ta dwe pè pou w pa fè menm jan ak yo pito.


Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.


Chache konnen ki bagay ki fè Senyè a plezi.


Mwen resevwa tout bagay, mwen pa manke anyen, epi menm pi plis pase sa m te bezwen. Epafwodit te ban mwen pwovizyon nou te voye yo. Yo te byen vini, tankou yon bon kalite ofrann ki fè Bondye plezi.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a.


Nou pa dwe janm sispann ofri sakrifis nou bay Bondye pa mwayen Jezikris. Sakrifis sa a, se lwanj k ap soti nan bouch k ap selebre non Bondye.


Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.


Kounye a nou ka pwoche bò twòn Bondye ak konfyans kote nou ka jwenn gras Bondye agogo pa mwayen Jezikris ki se granprèt nou. N ap jwenn gras ak konpasyon bò twòn Bondye pou ede nou nan moman nou pi bezwen yo.


Pandan lavi Jezi sou latè li te priye Bondye, li te mande èd nan men sila ki te ka sove l anba lanmò. Li te priye ak gwo rèl ak dlo nan je. Bondye te reponn priyè li poutèt krentif li te gen pou Bondye.


N ap priye Bondye epi nou rele l papa, men l ap jije chak moun menm jan, dapre sa yo fè. Konsa, pandan nou se vizitè sou tè sa a, se pou n viv avèk krentif pou Bondye.


Si yo pini nou pou move bagay nou fè, alò pa gen rezon pou yo felisite nou. Men si nou soufri ak pasyans pou bon bagay nou fè, sa ap fè Bondye plezi.


Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris.


Epi li pran nou, li fè nou vin yon wayòm, yon pil sakrifikatè pou Bondye, Papa li. Se pou li laglwa ak puisans ye pou tout tan gen tan! Amèn.


Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè. Tout pèp va fè lwanj pou non ou. Se ou sèl ki sen. Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w, paske jijman ou fè yo dwat.”


Ou fè ak yo yon wayòm sakrifikatè pou Bondye nou an, y ap gouvènen ansanm avè l sou tè a.”


跟着我们:

广告


广告