Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 11:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Abraram te gen lafwa nan Bondye. Bondye rele Abraram pou l kite peyi l pou l te ale yon lòt kote li te pwomèt l ap ba li. Abraram te pati, menm lè li pa t menm konnen ki kote l prale.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Se konfyans nan Bondye ki fè Abraram te obeyi lè Bondye rele li. Li pati al nan peyi Bondye ta pral ba li pou eritaj la. Li leve, li kite peyi li san li pa te konnen ki bò li ta prale ojis.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale.

参见章节 复制




Ebre 11:8
32 交叉引用  

Konsa, Jozèf pran ti pitit la ak manman l, yo retounen nan peyi Izrayèl.


Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikris. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris.


Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?”


Nan tan pase, nou te esklav peche, peche te pran kontwòl lavi nou. Men, grenmesi Bondye, nou te obeyi tout ansèyman nou te resevwa yo.


n ap detwi tout vye panse ògeye ki opoze ak konesans Bondye. N ap mete tout panse anba kòd pou fè yo obeyi Kris la.


Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, kon sa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon.


Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


Nou menm medam, menm jan an tou, se pou n soumèt nou devan mari nou. Konsa, si gen nan yo ki refize kwè nan pawòl Senyè a, yo va rive kwè poutèt jan n ap viv. Nou p ap menm bezwen pale.


Li lè pou jijman an kòmanse, epi se pèp Bondye a k ap jije anvan. Si l kòmanse avèk nou. Nou pa bezwen mande kisa ki pral rive moun ki pa aksepte Levanjil la.


跟着我们:

广告


广告