Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 11:35 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

35 Gen kèk medam ki te rejwenn moun yo te gen mouri vivan. Gen lòt ki pase anpil mati, poutan yo refize libète. Yo te pito resisite ak yon nouvo lavi ki pi bon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

35 Se konfyans nan Bondye ki fè anpil fanm te wè moun pa yo ki te mouri tounen reviv ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve sòti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon.

参见章节 复制




Ebre 11:35
17 交叉引用  

Youn nan bagay nou bezwen konprann, apre rezirèksyon an, p ap gen koze maryaj ankò. Nou ap tankou anj nan syèl la.


Lè mò yo va leve, p ap gen ni mari ni moun k ap marye paske y ap vin tankou anj nan syèl la.


Lè sa a ou ap beni paske moun sa yo pa gen mwayen pou yo envite w tou. Men Bondye ap ba ou rekonpans ou lè moun k ap mache dwat yo resisite.”


Nan lòt lavi a, moun ap tankou anj yo. Li p ap posib pou yo mouri ankò. Se pitit Bondye yo ye, paske yo leve vivan nan lanmò.


Alò yo va leve soti nan tonm yo. Sa ki te fè byen nan lavi sa a, yo va resisite epi yo va genyen lavi etènèl. Men sa ki t ap fè sa ki mal yo, yo va resisite pou yo jije epi pou yo jwenn kondanasyon yo.


Lè sa a, sòlda ki t ap prepare pou al kesyone Pòl yo gentan deplase byen vit. Kòmandan an menm t ap tranble kou fèy bwa, lè l reyalize se yon sitwayen Women li te fè mare a.


Kòm Pòl te konnen Konsèy la te gen Sadiseyen ansanm Farizyen ladan l, li tonbe di byen fò devan yo: “Frè m yo, mwen menm se yon Farizyen mwen ye. Papa m tou se te yon Farizyen! Si nou wè mwen menm, m ap jije devan tribinal se poutèt esperans mwen genyen pou m di mò yo gen pou yo resisite!”


Menm esperans Jwif sa yo genyen nan Bondye a, se li m genyen tou; esperans kote Bondye ap fè tout moun nèt, bon tankou mechan, resisite.


Men, Pyè ak Jan reponn Gran Konsèy la, yo di yo: “Ki sa nou panse Bondye ta vle, pou n obeyi nou osinon pou n obeyi Bondye?


Pyè ba l men pou ede l kanpe. Apre sa, Pyè rele lòt kwayan yo ansanm ak vèv yo, li montre yo Tabita byen vivan.


Konsa, lè kò sa a ki kapab pouri a vin tounen yon kò ki p ap janm pouri, epi lè kò sa a ki mouri vin tounen yon kò ki p ap janm mouri, lè sa a, pawòl Bib la ap vin parèt aklè: “Lanmò disparèt paske l pèdi batay la.


Alò, m gen espwa m va resisite tou, menm jan li menm li te resisite.


跟着我们:

广告


广告