Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 11:31 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Raab, fi movèz vi a, te gen lafwa nan Bondye. Li te resevwa espyon Izrayèl yo tankou zanmi l. Konsa li pa t mouri menm jan ak tout moun ki te pran pozisyon kont Bondye yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Se konfyans nan Bondye ki fè Rahab, fanm lavi lib la, pa te peri ansanm ak moun ki te dezobeyi Bondye yo. Paske li te byen akeyi espyon moun Izrayèl yo lakay li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.

参见章节 复制




Ebre 11:31
10 交叉引用  

Men istwa branch fanmi Jezi, Mesi a. Jezi soti nan branch fanmi David ak Abraram.


Salmon se te papa Boaz. (Se Raab ki te manman li.) Boaz se te papa Obèd. (Se Rit ki te manman li.) Obèd se te papa Izayi.


Jid ak Silas te rete Antyòch pou yon ti tan, epi yo pati. Kwayan yo te swete yo yo bon vwayaj, epi yo retounen al jwenn moun ki te voye yo a.


Ak ki moun Bondye t ap pale lè l te fè sèman pou di yo p ap janm antre nan plas repo li a? Li t ap pale ak tout sa yo ki te dezobeyi.


Yon lòt egzanp se Raab. Se yon pwostitye l te ye, men li te vin tounen yon moun dwat devan Bondye poutèt yon bagay li te fè. Li te ede moun ki t ap espyone pou pèp Bondye a. Li te resevwa yo lakay li epi li te ede yo chape pa yon lòt chemen.


Pou moun sa yo, li se “yon wòch k ap fè moun fè bitay, yon wòch k ap fè moun tonbe.” Moun yo fè bitay sou li, paske yo pa t ko kwè mesaj pawòl Bondye a. Se sa ki te dwe rive yo.


Sa vle di, sila yo ki te dezobeyi Bondye lè l t ap pran pasyans pou yo nan epòk Noye t ap bati lach la. E se yon ti gwoup uit moun sèlman ki te sove nan bato a anba gwo lapli a.


跟着我们:

广告


广告