Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 11:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Moyiz te reyalize li pi bon pou li pou l sibi lawont menm jan ak Kris la, pase pou l ta gen tout richès peyi Lejip yo. Li te gen je l fikse sou rekonpans ki te gen pou vini an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l nan betiz pase si l te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.

参见章节 复制




Ebre 11:26
29 交叉引用  

Nenpòt moun ki resevwa yon pwofèt paske l se pwofèt ap resevwa rekonpans yon pwofèt. Nenpòt moun ki resevwa yon moun fidèl paske l fidèl ap resevwa rekonpans yon moun fidèl.


Nou mèt kòmanse fè kè nou kontan paske se pa ti rekonpans ki rezève pou nou nan syèl la. Ansyen pwofèt yo te pase anba menm kalite pèsekisyon sa yo.


Fè atansyon, lè w ap fè sa ki byen, pou ou pa tonbe nan fè wè. Ou p ap jwenn okenn rekonpans nan men Papa ou ki nan syèl la si ou tonbe nan fè wè.


Lè sa a ou ap beni paske moun sa yo pa gen mwayen pou yo envite w tou. Men Bondye ap ba ou rekonpans ou lè moun k ap mache dwat yo resisite.”


Konsa tou, nenpòt nan nou la a ki pa dakò abandone byen l yo, li pa kapab disip mwen.”


Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi.


Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.


Yo gade nou tankou moun ki gen anpil tristès, men poutan nou toujou gen jwa nan kè nou. Yo gade nou tankou pòv, men nou fè anpil moun rich ak lafwa. Yo gade nou tankou moun ki pa gen anyen, men poutan nou posede tout bagay.


M mande Bondye pou l louvri entèlijans nou, pou konprann verite a. Konsa, n ap ka wè ki kalite eritaj li kite pou nou tout, nou menm ki moun pa l yo, yon eritaj ki rich epi ki bèl.


Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la.


Poutan sa ki te yon avantaj pou mwen lontan, jodi a mwen konsidere yo tankou bagay ki san valè poutèt Kris.


Pafwa yo te konn di nou move bagay epi yo te konn trete nou mal devan tout moun. Gen lòt fwa se nou menm menm ki t ap ede moun yo te konn bay kalite tretman konsa.


Konsa, kenbe menm kouray nou te genyen nan tan pase yo. Nou p ap pèdi sa, Bondye ap rekonpanse nou san mezire.


Li enposib pou nou fè Bondye plezi san lafwa. Se sa k fè nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye, li dwe kwè Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout kè yo.


Alò, an nou soti al jwenn Jezi deyò kan an. An nou pote menm chay lawont li te pote a.


Mesaj yo te pote a montre li gen tout valè li. Tout moun ki te meprize l oswa ki te dezobeyi l te jwenn pinisyon yo merite pou sa.


Yo te travay di pou yo te ka konnen nan ki epòk ak nan ki sikonstans bagay Lespri Kris la t ap di yo a te gen pou rive. Paske Lespri ki te nan yo a te anonse soufrans Kris la te gen pou l sibi davans ak kalite glwa li t apral genyen apre sa.


Si yo joure nou paske n ap mache ak Kris, nou se moun beni. Lè sa rive, sa montre Lespri Bondye ki chaje ak glwa a avèk nou.


Mwen konnen pwoblèm ou yo, epi m konnen ou pòv, men anreyalite ou rich! Moun ki di yo se Jwif, poutan se pa vre, mwen konnen ki valè ensilte yo ensilte w. Se yon gwoup moun pou Satan yo ye.


M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.


Se pou Bondye rekonpanse w pou tout sa ou fè yo! Se pou SENYÈ a, Bondye Izrayèl la ou chwazi kòm pwoteksyon w lan, ba ou yon rekonpans total pou tout bon bagay sa yo ou te fè.”


跟着我们:

广告


广告