Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 10:38 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

38 Moun Bondye aksepte a, ap viv pa lafwa. Men mwen p ap pran plezi nan okenn moun k ap rale kò l dèyè poutèt lapèrèz.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

38 Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l vire do l tounen fè bak, li p'ap fè kè m kontan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”

参见章节 复制




Ebre 10:38
24 交叉引用  

“Men sèvitè mwen an, moun mwen chwazi a, moun mwen renmen anpil la, moun ki fè kè m kontan anpil la. M ap ranpli l ak Sentespri m. Se li k ap tabli jistis nan mitan pèp yo.


Men kòm li pa kite l pran rasin nan lavi l, nan yon batje mesaj la disparèt. Depi pwoblèm oswa pèsekisyon vini poutèt mesaj la, moun nan retire kò l.


Wi, Bòn Nouvèl la montre kijan Bondye bon epi li fidèl jan li fè sa l te pwomèt l ap fè. Li montre kijan fidelite yon moun kapab kondui anpil moun rive nan lafwa. Jan Ekriti Sent yo di a, “Moun Bondye aksepte a poutèt lafwa li, l ap viv.”


Bon! Nou tout konnen Bondye p ap deklare pèsonn dwat devan l paske moun nan obeyi lalwa. Men sa Bib la di: “Moun ki dwat devan Bondye, l ap viv dapre lafwa li.”


Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn.


Men nou menm, nou pa pami moun k ap rale kò yo dèyè epi ki pèdi. Nou fè pati moun ki gen lafwa epi ki sove.


Nou kondane epi nou touye yon bann inosan. Yo pa menm goumen ak nou.


Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.


跟着我们:

广告


广告