Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 10:35 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

35 Konsa, kenbe menm kouray nou te genyen nan tan pase yo. Nou p ap pèdi sa, Bondye ap rekonpanse nou san mezire.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

35 Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans.

参见章节 复制




Ebre 10:35
15 交叉引用  

Nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di se moun mwen li ye, mwen ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: moun sa a se moun mwen.


Nenpòt moun ki bay youn nan pi piti pami disip mwen yo yon vè dlo frèt, li p ap janm pèdi l.”


Nou mèt kòmanse fè kè nou kontan paske se pa ti rekonpans ki rezève pou nou nan syèl la. Ansyen pwofèt yo te pase anba menm kalite pèsekisyon sa yo.


Lè sa a ou ap beni paske moun sa yo pa gen mwayen pou yo envite w tou. Men Bondye ap ba ou rekonpans ou lè moun k ap mache dwat yo resisite.”


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.


Nan Kris la, nou kapab pwoche devan Bondye ak tout libète, san nou pa pè angnen. Nou ka fè sa poutèt lafwa nou nan Kris la.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a.


Moyiz te reyalize li pi bon pou li pou l sibi lawont menm jan ak Kris la, pase pou l ta gen tout richès peyi Lejip yo. Li te gen je l fikse sou rekonpans ki te gen pou vini an.


Mesaj yo te pote a montre li gen tout valè li. Tout moun ki te meprize l oswa ki te dezobeyi l te jwenn pinisyon yo merite pou sa.


Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an.


Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.


Nou gen yon granprèt ki monte nan syèl la bò kote Bondye. Se Jezi Pitit Bondye a. An nou kenbe lafwa nou fèm nan Jezi.


Veye kò nou pou n pa pèdi rekonpans nou te travay pou li a. An n fè sèten nou resevwa tout salè nou.


跟着我们:

广告


广告