Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 10:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 An nou pa neglije reyinyon nou yo, jan kèk moun gen tan fè l. Wi, nou dwe kontinye ankouraje youn lòt. Li vin pi enpòtan toujou pou nou fè l paske Jou a pa lwen rive.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.

参见章节 复制




Ebre 10:25
32 交叉引用  

M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm ak Gomò.


Wi, m ap di nou sa, lè dezoutwa moun ki kwè nan mwen yo reyini ansanm, mwen la nan mitan yo.”


Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a.


Yon jou, pandan nou t apral kote moun yo konn lapriyè a, nou rankontre ak yon jenn fi ki te yon esklav. Jenn fi sa a te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn predi bagay ki gen pou rive pita. Sa te rapòte mesye ki te mèt li yo anpil lajan.


Lè jou Pannkot la te rive, tout disip yo te rasanble ansanm menm kote.


Kwayan yo te pase tout tan yo ap resevwa ansèyman apot yo. Yo te viv ansanm youn ak lòt tankou frè. Yo te reyini epi yo te manje ansanm epi yo te lapriyè ansanm.


Nan dimanch, nou tout te reyini pou n manje pen an ansanm, epi Pòl t ap pale ak gwoup la. Kòm li te gen pou l pati nan demen, Pòl pwolonje diskou l la jiska minui.


Moun ki gen don egzòte moun, se pou l fè sa. Gen moun ki gen don pou bay, se pou l fè l ak jenewozite. Moun ki gen don pou dirije, se pou l fè sa ak dilijans. Moun ki gen don pou l montre favè yo anvè malere yo, se pou yo fè sa ak kè kontan.


Lè nou reyini an asanble, repa nou pran an depaman nèt ak Repa Senyè a.


Ann sipoze gen yon reyinyon legliz la epi tout moun pran pale an lang. Si yon moun ki pa nan gwoup oswa ki pa kwè vin antre, èske l p ap panse nou fou?


Moun k ap pwofetize ap pale dirèkteman ak lòt moun. Mesaj y ap bay la fè lòt moun gen yon fwa ki pi djanm. Li enkouraje moun, li pote konsolasyon pou lòt moun.


Men travay tout moun gen pou parèt aklè nan jou jijman an. Nan jou sa ap gen yon gwo dife. Se dife sa a ki pral montre kalite travay tout moun.


Fè menm bagay avè m. Reyini nan non Jezi Senyè nou an. M ap reyini avèk nou tou an espri. Epi, sèvi ak puisans Jezi Senyè nou an.


Se pou tout moun wè kijan nou se bon moun. Senyè a pa lwen retounen.


Sèvi ak pawòl sa yo pou nou ankouraje youn lòt.


Konsa, jan nou gen tan ap fè l deja, an n kontinye ankouraje youn lòt epi ede youn lòt grandi nan lafwa.


An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv.


Se li menm ki di: “Talè konsa, sila ki gen pou vini an pral vini, epi li p ap anreta.


Frè m ak sè m yo, mwen priye nou an gras, pou nou koute ak pasyans de ti mo ankourajman sa yo mwen ekri tou kout voye ban nou.


Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”, se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje.


Nou menm tou, an n pran pasyans! Ann pran kouraj, Senyè a pa lwen vini!


Tout bagay prèt pou fini nan lemonn. Kidonk, fòk nou gen tèt nou an plas epi veye pou n pa fè okenn neglijans nan lapriyè.


Poutèt se kon sa tout bagay sa yo gen pou yo detwi, konprann byen sa n dwe fè! Fòk nou gen yon konduit ki sen, ki montre atachman nou ak Bondye.


Se poutèt sa, frè m yo, pandan n ap tann jou sa a rive, an n fè anpil efò pou n mennen yon lavi ki pwòp epi san repwòch nan je Bondye. Epi tou n ap viv an pè avèk Bondye.


Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”


Moun sa yo, se yo menm k ap simen divizyon nan mitan nou. Se moun k ap viv dapre lachè, yo pa gen Sentespri Bondye a.


跟着我们:

广告


广告