Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 10:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 An nou kenbe fèm esperyans nou di nou genyen an paske Bondye toujou kenbe pwomès li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.

参见章节 复制




Ebre 10:23
16 交叉引用  

Bondye fidèl. Se li menm ki chwazi nou pou n gen menm lavi ak lavi Pitit li a, Jezikris, Senyè nou an.


Pa okenn tantasyon k ap parèt devan w ki pa t gen tan parèt devan lòt moun. Epi, Bondye fidèl. Li p ap kite w tante plis pase sa w kapab sipòte. Okontrè depi tantasyon an parèt, li gen tan fè chemen pou w kapab soti ladan.


Ofrann sa a, se yon prèv lafwa. Anpil moun pral di Bondye mèsi poutèt sa. Yo pral glorifye non Bondye paske nou te pataje sa nou genyen ak lòt moun, san yo pa fòse nou. Yo pral glorifye non Bondye poutèt fidelite nou nan obeyisans Bòn Nouvèl la.


Sila ki rele w la ap fè l paske li fidèl.


Men Bondye fidèl. L ap fòtifye epi l ap pwoteje ou kont Malfèktè a.


Lè sa a, y ap kapab espere ale viv avèk Bondye pou tout tan. Anvan mond lan te kòmanse, Bondye te pwomèt pèp li a lavi sa a. Epi Bondye pa manti.


Sara pa t ka fè pitit epi Abraram te fin granmoun. Men malgre sa Abraram te gen lafwa nan Bondye. Li te kwè Bondye ap kenbe pwomès li. Konsa, Bondye te ba yo pitit.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou.


Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an.


Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.


Nou gen yon granprèt ki monte nan syèl la bò kote Bondye. Se Jezi Pitit Bondye a. An nou kenbe lafwa nou fèm nan Jezi.


De bagay ki pa ka chanje: Bondye pa ka bay manti, li pa ka pa kenbe pwomès li te fè. Konsa, pou nou menm ki chache refij nan Bondye, nou ankouraje kenbe esperans nou pi fèm toujou.


Men lè w mande Bondye, ou dwe fè l konfyans, san w pa gen dout sou li. Nenpòt moun k ap doute, li sanble ak gwo lanm lanmè yon van ap leve voye anlè.


M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou.


跟着我们:

广告


广告