Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 10:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Poutan Kris ofri yon sèl sakrifis pou peche yon fwa pou tout. Apre sa, li chita adwat Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Men, Kris la pou tèt pa l fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye,

参见章节 复制




Ebre 10:12
15 交叉引用  

Apre li fin pale ak yo, Jezi Senyè a monte nan syèl epi li chita adwat Bondye.


Kilès ki ka pwononse kondanasyon moun Bondye yo? Pèsòn! Jezikris te mouri, anplis li te resisite, li adwat Bondye Papa a epi l ap priye an favè nou.


An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.


Poutèt nou se moun ki resisite avèk Kris, nou dwe chache bagay ki soti anwo, bagay ki soti adwat Bondye Papa a kote Kris chita a.


Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat Papa a ki gen tout pouvwa a.


Jezikris te fè tout sa Bondye te vle l fè. Li te ofri kò l yon fwa pou tout pou l te ka fè nou vin sen.


Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis.


Se nan mitan lèzòm yo chwazi granprèt yo. Granprèt la la pou ede moun nan sèvis y ap fè pou Bondye. Li la pou ofri ofrann ak sakrifis pou peche yo bay Bondye


Se rezon sa a ki fè li ofri sakrifis pou peche pa l menm jan li ofri sakrifis pou peche pèp la.


Li pa menm jan ak lòt prèt yo. Li pa bezwen ofri sakrifis chak jou pou peche pa l ak peche pèp la menm jan lòt prèt yo te konn fè sa. Li te ofri yon sakrifis yon fwa pou tout. Epi se tèt li li te ofri kòm sakrifis.


Pwen ki pi enpòtan nan tout sa n ap di nou la, se paske se kalite granprèt sa a nou genyen. Li chita nan plas donè a, adwat twòn laglwa Bondye ki nan syèl la.


Kris te antre yon sèl fwa Kote ki pi Sen an. E li pa t bezwen fè l yon dezyèm fwa. Li te antre Kote ki pi Sen an avèk pwòp san li, li pa t ofri san bouk kabrit oswa san ti towo bèf. Li antre epi li delivre nou anba peche pou tout tan.


Pa gen okenn dout san Kris la ka fè plis toujou. Kris te ofri tèt li bay Bondye, pa mwayen Sentespri a ki te toujou la, tankou yon sakrifis san defo. San li ap netwaye nou nèt anba tout bagay mal nou te fè. L ap ban nou yon konsyans ki klè pou nou ka sèvi Bondye vivan an.


跟着我们:

广告


广告