Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




3 Jan 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Pa gen anyen pou ta fèm pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap mache daprè verite a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Pa gen anyen ki pou fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.

参见章节 复制




3 Jan 1:4
18 交叉引用  

M ap pale ak nou tankou papa ak pitit. Fè menm jan ak nou, louvri kè w byen laj ba nou!


Lè m te wè yo pa t ap mache dwat dapre verite mesaj Levanjil la, mwen te di Pyè devan tout moun: si ou menm ki Juif, ou ap konpòte w tankou yon moun ki pa Juif, pase pou w ta konpòte w tankou yon Juif, kijan ou fè ap eseye fòse moun ki pa Juif yo pou yo viv tankou Juif?


Ti moun mwen yo, se soufri m ap soufri yon fwa ankò pou nou, menm jan ak yon manman k ap akouche. M ap toujou santi doulè sa a jouktan yon moun ta gade nou epi yo ta wè Jezikris.


Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt.


M ap ekri w lèt sa a, Timote, pitit mwen nan lafwa, ki tankou yon pitit ki soti nan zantray mwen. Se pou Bondye Papa a, ansanm ak Jezikris, Senyè nou an, beni w ak anpil gras, mizerikòd epi lapè.


Mwen vle salye w, Timote, pitit byeneme m nan. Gras, mizerikòd ak lapè Bondye Papa a, ansanm ak Jezi, Senyè nou an avè w!


Demann m ap fè w la, se pou Onezim ki vin tankou yon pitit pou mwen pandan m nan prizon an.


Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche, nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a.


Mwen te kontan anpil dèske m te resevwa nouvèl kèk nan pitit ou yo k ap mache nan chemen an, jan Papa a te pase lòd pou sa fèt la.


跟着我们:

广告


广告