Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Timote 4:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Senyè a va delivre m tou, lè nenpòt moun va vle fè m mechanste. Senyè a ap fè m rive nan wayòm syèl li a san pwoblèm. Tout laglwa se pou Senyè a, pou tout tan gen tan. Amèn!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Senyè a va toujou delivre m nan tout move pa. L'ap konsève m pou m ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

参见章节 复制




2 Timote 4:18
40 交叉引用  

Moun ki te mache dwat devan Bondye pral klere kon solèy nan wayòm Bondye a. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!


Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman.


Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


Padone peche nou yo, menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal. Epi pa kite nou tonbe anba tantasyon.”


Ti twoupo mouton m yo, nou pa bezwen pè, paske Bondye Papa nou pran plezi pou l ban nou Wayòm nan.


Se sa k fè, mwen ba nou otorite pou n renye avèk mwen nan wayòm Papa a ban mwen an.


Mwen pa mande w wete yo nan lemonn, men pou w pwoteje yo kont Malen an.


Wi, Bondye fè tout bagay. Epi tout bagay kontinye ap mache pa mwayen li menm ak pou li menm. Tout laglwa se pou Bondye pou tout tan gen tan! Amèn.


Glwa pou Bondye pa mwayen Jezikris pou tout tan, li menm sèl ki gen sajès. Amèn.


Wi, sajès lèzòm pa gen kapasite pou rekonèt sajès Bondye. Se poutèt sa nan sajès li Bondye deside sèvi ak yon mesaj ki parèt san sans pou l sove tout moun ki kwè.


Pa okenn tantasyon k ap parèt devan w ki pa t gen tan parèt devan lòt moun. Epi, Bondye fidèl. Li p ap kite w tante plis pase sa w kapab sipòte. Okontrè depi tantasyon an parèt, li gen tan fè chemen pou w kapab soti ladan.


M ap di nou sa frè m ak sè m yo, kò sa ki fèt avèk chè epi san pa kapab eritye wayòm Bondye a. Bagay ki ap pouri pa gen anyen pou l wè avèk bagay ki pa ka pouri.


Li delivre nou anba gwo danje lanmò. E nou konnen l ap kontinye delivre nou. Se sa ki ban nou asirans, l ap delivre nou asireman.


Tout glwa se pou Bondye pou tout tan! Amèn.


Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini.


Men Bondye fidèl. L ap fòtifye epi l ap pwoteje ou kont Malfèktè a.


Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!


Se li sèl ki p ap janm mouri. Li rete nan yon limyè kote pèsòn pa kapab pwoche. Pèsòn pa janm wè l, pèsòn p ap janm wè l. Lonè, ak puisans se pou li pou tout tant! Amèn.


Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.


Men sa m ap mande w ak tout fòs mwen, nan prezans Bondye ak nan prezans Jezikris ki gen pou vin jije vivan kou mò, epi pou tabli wayòm li a.


Men yo te gen lespri yo konsantre sou yon pi bon peyi, yon peyi nan syèl la. Se sa ki fè Bondye pa wont lè yo rele l Bondye yo. E li prepare yon vil pou yo.


Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre.


Koute m, frè m ak sè byenneme m yo! Èske Bondye pa chwazi moun pòv yo nan mond lan pou l fè yo rich nan lafwa epi pou yo resevwa wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo?


Pouvwa Bondye ap pwoteje nou poutèt lafwa nou epi l ap kenbe nou ansekirite jouk li ban nou delivrans lan nan dènye jou yo.


Tout puisans se nan Bondye sa rete pou tout tan gen tan. Amèn.


Wi, Bondye va louvri Wayòm ki p ap fini an byen laj pou nou, Wayòm Jezikris, Sovè ak Senyè nou an.


Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.


Mwen menm se Jid, sèvitè Jezikris la, epi frè Jak la. M ap ekri pou tout moun Bondye rele yo. Li renmen yo epi l ap gade yo pa mwayen Jezikris.


跟着我们:

广告


广告