Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Timote 3:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Se Lespri Bondye ki fè ekri tout sa ki nan Bib la. Li bon pou anseye, pou montre moun sa ki pa bon nan lavi yo. Epi li bon tou pou korije fot, pou anseye kijan pou moun viv yon jan ki dwat.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati.

参见章节 复制




2 Timote 3:16
43 交叉引用  

Li di yo ankò: “Pwofesè lalwa ki vin kwè nan mesaj wayòm syèl la se tankou yon mèt kay ki fouye nan depo li pou l chache non sèlman bagay ansyen men bagay nouvo tou.”


Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la. Se Bondye ki te fè sa! Se yon mèvèy pou nou wè sa!


Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di:


Men sa pa t ap tonbe daplon ak pwofesi ki te gen tan di kijan tout bagay pral pase.”


Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Apre pawòl sa yo, tout disip yo gaye.


Jezi reponn yo: “Nou nan erè nèt. Nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye.


Paske David li menm, anba enspirasyon Sentespri, te di: Senyè a di, Senyè m nan: Chita sou bò dwat mwen, jouktan m fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w.


Bib la rele moun sa yo ki resevwa mesaj Bondye a dye. Epi tou, sa Bib la di se toujou verite a.


Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè.


Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo.


Se yon moun ki te byen fòme nan chemen Bondye a epi l te toujou chofe pou pale moun de Jezi. Sa l t ap anseye konsènan Kris la pa t gen okenn fay, malgre se batèm Janbatis la sèlman l te konnen.


M te toujou fè tout sa ki bon pou nou. M te toujou anonse nou Bòn Nouvèl la devan tout moun, an piblik, epi m te anseye nou tout bagay nan kay yo tou.


M kapab di sa, paske mwen te anonse nou tout verite Bondye te vle m fè nou konnen, san m pa kache nou anyen.


Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:


Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo.


Ou panse w ka montre inyoran yo sa ki dwat. Epi w panse ou se pwofesè moun ki fenk ap aprann. Ou genyen Lalwa, epi poutèt sa, ou panse w konnen tout bagay epi ou genyen tout verite a.


Se vre, Jwif yo gen anpil avantaj. Men sa ki pi enpòtan an: Bondye konfye yo Pwomès li yo.


Men se pa sèlman Abraram Pawòl Bondye a di “Bondye aksepte l kòm moun ki dwat.”


Bondye bay chak moun yon don ki manifeste kijan Sentespri a ap travay nan lavi l. Chak moun dwe sèvi ak don sa a pou l ede lòt moun.


Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.”


Ou dwe korije moun ki kont ou yo avèk dousè. Ou pa janm konnen, Bondye kapab chanje yo pou fè yo aksepte verite a.


Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.


Lafwa se yon konviksyon sa nou espere a ap rive toutbon vre. Se yon asirans sa nou pa wè a li egziste toutbon vre.


Se poutèt sa, jan Sentespri a di l la: “Si w tande vwa Bondye jodi a,


Pawòl Bondye vivan epi li fè efè sou moun. Li pi file pase yon kouto debò. Li rive lwen jouk rive kote nanm ak lespri mare ansanm, kote zo ak mwèl fè youn. Li jije panse ak dezi ki nan fon kè lèzòm.


跟着我们:

广告


广告