Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Timote 3:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Depi w piti, ou konnen Bib la. Sa ki nan Bib la kapab rann ou saj. Epi sajès sa a mennen nan lavi etènèl pa mwayen lafwa nan Jezikris.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Depi ou te tou piti, ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

参见章节 复制




2 Timote 3:15
38 交叉引用  

Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye.


Paske ti pitit la pral vin yon moun espesyal nan je Senyè a. Li pa fèt pou l bwè ni diven ni okenn bwason ki gen alkòl. Epi l ap ranpli ak Sentespri Bondye depi nan vant manman l.


Jezi li menm t ap grandi epi li t ap devlope. Li te ranpli ak sajès epi gras Bondye te sou li.


Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la.


Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?”


Apre sa, Jezi ede disip yo konprann sa ki ekri sou li nan Bib la.


Men, nou pa kwè sa li te ekri. Konsa, nou pa kapab kwè sa m ap di.”


Tout pwofèt yo te gentan pwofetize pawòl sa a konsènan Jezi: Nenpòt moun ki mete konfyans li nan Jezi ap resevwa padon pou peche l yo, grenmesi puisans non Kris la.”


Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo.


Pòl te pati al nan vil Dèb ak nan vil List. Te gen yon kwayan ki te rete nan vil Lis la yo te rele Timote. Manman Timote se te yon Jwif ki te kwè nan Kris tou epi papa l menm te yon Grèk, sa vle di yon moun ki soti nan peyi Lagrès.


Pòl antre nan Sinagòg la jan l te konn abitye fè a. Se la li te diskite sou Bib la ansanm ak Jwif yo pandan twa saba.


Pandan Pòl t ap defann tèt li konsa, Festis di byen fò, “Pòl, ou gen lè pèdi tèt ou! Twòp etid fè w fou.”


Bondye te pwomèt Bòn Nouvèl sa a nan Pawòl li byen lontan deja pa mwayen pwofèt li yo.


Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye.


Yon moun ki pa sikonsi nan kò l epi ki fè sa Lalwa mande, l ap jije w, ou menm ki gen liv Lalwa yo ak sikonsizyon an, epi k ap dezobeyi Lalwa.


Wi, sajès lèzòm pa gen kapasite pou rekonèt sajès Bondye. Se poutèt sa nan sajès li Bondye deside sèvi ak yon mesaj ki parèt san sans pou l sove tout moun ki kwè.


Nou menm papa yo, pa aji ak pitit nou yo nan fason k ap eksite kòlè yo. Okontrè, se pou n elve yo byen. Se pou n enstwi yo epi korije yo dapre prensip pawòl Bondye.


Pandan w ap tann mwen vini, fè efò pou w toujou li Bib la pou moun yo, ankouraje yo, epi anseye yo.


Mwen menm, Pòl, mwen se apot Jezikris, paske se sa Bondye vle. Mwen gen responsabilite pou m anonse pwomès lavi a, pa mwayen Jezikris.


Mwen sonje kijan ou gen yon lafwa ki sensè. Se kon sa Loyis, grann ou te ye epi apre sa, manman w Enis te kon sa tou anvan w. M wè se menm lafwa sa a ki nan ou tou, mwen sèten se vre.


Se sa li ekri nan tout lèt li yo. Gen pasaj nan sa li ekri yo ki difisil pou moun rive konprann. Se rezon sa a ki fè kèk inyoran, moun ki pa merite yo fè yo konfyans, chanje sans yo epi entèprete yo mal. Dayè, yo fè menm bagay nan anpil lòt pasaj nan Bib la. Men lè y ap fè sa, se detwi y ap detwi pwòp tèt yo.


Lè sa a, m tonbe ajenou nan pye zanj lan pou m adore l. Men li di m konsa: “Pa adore m. M se yon sèvitè menm jan avè w. M se menm ak frè avèk sè w yo k ap temwanye pou Jezi. Se Bondye pou w adore. Paske temwanyaj pou Jezi se lespri pwofesi a.”


跟着我们:

广告


广告